Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Goumen pou Jwenn Dlo, Manje Apre Inodasyon


Nòdes Ayiti Anvayi ak Dlo Apre 3 Jounen Gwo Lapli
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:38 0:00

Nòdes Ayiti Anvayi ak Dlo Apre 3 Jounen Gwo Lapli

Dè santèn moun oblije al lage kò yo nan yon abri, dapre sa otorite Ayisyen yo di, kote yo gen anpil difikite pou jwenn dlo ak manje pou moun ki afekte pa gwo inodasyon ki frape nò a nan jou ki sot pase yo.

Omwens 4 moun mouri e youn disparèt apre yon fwon lè frèt frape nò ak sid Ayiti Dimanch. Sa te koze gwo lapli ak van epi inodasyon ki rache pye bwa.

Plis pase 2,580 kay sibi domaj e gen 500 moun ki oblije pran refij nan yon avri nan Fò Liberte. Ajans Pwoteksyon Sivil Ayiti a deklare jodi Mekredi a ke moun bezwen dlo, manje ak kouveti len dijans.

GADE: Gerard Maxineau banou kont randi sityasyon an Okap

Ayiti: Rechèch ap fèt pou jwen viktim inondasyon ki frape plizyè komin nan depatman Nò ak Nòdès
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:04 0:00

Nan Repiblik Dominiken, otorite yo rapòte omwens yon lanmò, dapre jounal Listin Diario.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG