Accessibility links

Breaking News

Biden Vize Redwi To Lanmò Akoz Kansè pa 50% Pandan 25 an Kap Vini yo


Foto Achiv: Joe Biden pran la pawol nan Enstiti Edward M. Kennedy a ou diskite sou inisyativ "moonshot" Lamezonblanch la, 19 Oct. 2016.
Foto Achiv: Joe Biden pran la pawol nan Enstiti Edward M. Kennedy a ou diskite sou inisyativ "moonshot" Lamezonblanch la, 19 Oct. 2016.

Prezidan Joe Biden pran angajman pou'l redui to lanmò akoz kansè Ozetazini pa 50% pandan 25 an kap vini yo.

Sa se nouvo objektiv inisyativ "moonshot" la fikse pou goumen kont maladi a. Pwogram sa a egziste depi ane 2016 le Biden te vis prezidan.

Dapre responsab administrasyon Biden nan ki o kouran de anons prezidan an pral fè sou sa jodi Mèkredi a, se yon kestyon ki trè pèsonèl pou Biden, ki te pèdi piti gason ene li, Beau, akoz yon kansè nan sèvo an 2015.

Sosyete Kansè Ameriken an estime ap gen yon afè 1,9 milyon nouvo ka kansè ak 609,000 lanmò akoz maladi sa a ane sa a.

XS
SM
MD
LG