Inodasyon ann Ayiti lakoz 3 moun pedi lavi yo e youn disparet, dapre Pwoteksyon Sivil la, apre 2 jou kote gwo lapli tonbe.
Sekouris yo te deja komanse evakye moun nan zon a risk yo Lendi. Dapre nouvel yo gen yon afe 2,500 fanmi ki oblije kouri kite kay yo akoze inodasyon an. Se no a ki sibi pi gwo frap la, kote dlo a rive nan yon nivo istorik e gwo van kap soufle rache anpil pye bwa.
Jerry Chandler, direkte Pwoteksyon Sivil la fe konnen nan yon teks mesaj ke gen 3 moun ki mouri nan depatman Nodwes la epi yon lot disparet.
Ayiti vilnerab a dezas natirel. E souvan se moun nan katye defavorize yo ki soufri plis.
Gen 300,000 moun kite mouri nan tranbleman te 2010 la e plis pase 2,000 moun te mouri ane pase a nan tranblemannte ki te frape sid la.