Accessibility links

Breaking News

Biden Mande Afghanistan Lage Otaj Ameriken an Vit e Prese


Prezidan Joe Biden pran la pawòl nan Inivesite Atlanta a, 11 Janvye 2022.
Prezidan Joe Biden pran la pawòl nan Inivesite Atlanta a, 11 Janvye 2022.

Prezidan Joe Biden lanse apèl bay Afghanistan pou'l lage veteran fòs naval Etazini Mark Frerichs ke yo te kidnape sa gen 2 zan desa.

Frerichs se yon enjenyè sivil ki tap travay sou kontra. Li se moun vil Lombard nan eta Ilinwa. Yo kidnape'l nan mwad Janvye 2020 nan Kaboul.

Otorite Ameriken yo kwè se rezo Haqqani an ki lye ak Taleban an ki mete men sou misye.

"Fòk Taleban an lage Mark rapido presto anvan li ka atann ni a okenn konsiderasyon ni espwa lejitimite. Se yon bagay ki pa negosyab," Biden deklare.

XS
SM
MD
LG