Accessibility links

Breaking News

Jodeph Edgard Dumay se Nouvo Direktè Edikasyon Nòdès


Yon nouvo direktè enstale vandredi 28 Janvye nan tèt Direksyon Depatmantal Nòdès
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:22 0:00

Yon nouvo direktè enstale vandredi 28 Janvye nan tèt Direksyon Depatmantal Nòdès

Jodeph Edgard Dumay se non nouvo direktè ki enstale nan tèt biwo edikasyon nòdès la vandredi 28 janvye 2022 à e se Mr Maurice Firmin ki se direktè depatmantal edikasyon nò a , ak plizyè manb kabinè minis edikasyon Nesmy Manigat te fè enstalasyon nouvo direktè Edikasyon Nòdès la.

Nouvo direktè a Mr Dumay nan diskou l pou okazyon an te remèsye minis Nesmy Manigat paske l konfye l nouvo pòs sa, men tou l te mete aksan sou ansanm travay li gen pou l reyalize nan nivo edikasyon depatman nòdès la.

Nouvo direktè Mr Dumay te prezante 2 lòt asistan direktè ki jwenn nomination yo : Me Jean Darnly PIERRE ansyen enspektè ak Mme Denise Nérès Saint Fleur ansyen direktris Lycée Mombin Crochu san konte plizyè lòt anplwaye ki jwenn pwomosyon pami yo Verly Joseph ansyen responsab kominikasyon ki vin pou kounye a la chef sèvis résous zimèn.

Jaudelet Junior Saint-Vil / Fort-Liberté.

XS
SM
MD
LG