Accessibility links

Breaking News

Moun kap Viv sou Kot Es Etazini ap Pare Kò yo pou yon Kokenn Tanpèt Nèj


Nej kouvri gazon an tou pre otowout Interstate-68 la sou frontye eta Maryland ak Vijini de l'Wes, Vandredi 28 Janvye, 2022.
Nej kouvri gazon an tou pre otowout Interstate-68 la sou frontye eta Maryland ak Vijini de l'Wes, Vandredi 28 Janvye, 2022.

Sitwayen ak otorite nan Nodès Etazini ak sa yo ki abite nan rejyon ki bay sou Oseyan Atlantik la ap pare ko yo pou yon kokenn chen tanpèt ivè Vandredi ak Samdi.

Sèvis Meteyowoloji Nasyonal la di gwo nèj ak van pral komanse frape Kawolin yo ak eta ki sitye nan rejyon montay Appalachia yo depi vandredi swa.

Move tan an pral entansifye pou'l tounen sa yo rele yon "nor-easter' tou pre Kot Es Etazini, kote lap pote avè'l nèj. Yo lanse avètisman bay moun kap viv nan eta ki sitye nan rejyon Nouvèl Angletè a, kote yo di ka gen plis pase 20 pous nèj.

Otorite yo di gwo van kap pote nèj la takapab lakoz moun paka pran lari ditou akoz gwo fredi epi tanperati danjre ki ka menase lavi moun.

XS
SM
MD
LG