Ernie Francis Jr. ranpòte yon djòb pou'l kondui nan Indy Lights, yon konpetisyon kous otomobil. Opòtinite sa a taka pèmèt misye avanse pou'l kondui nan kous IndyCar la, nan kad inisyativ Kous pou Egalite ak Chanjman an.
Francis, se moun Florid men li gen orijin Ayisyen. Moun ki konn domèn kous otomobil la byen konsidere li tankou yon chofè ki gen anpil talan ak anpil chans pou'l gen sikse nan sistèm IndyCar la.
"Se yon opotinite enkwayab," Francis deklare. "Apre mwen te gen chans we kisa stil kous sa a ye ane pase a, mwen te jwenn ke mwen te vle fè plis. Se yon eksperyans enkwayab lè wap kondwi stil otomobil sa yo. Mwen konnen map kontinye edikasyon mwen ak Force Indy e mwen a yon pa sèlman ak Seri IndyCar la kivledi se yon bagay ki vreman spesyal. Mwen paka tann pou'm komanse."
Misye gen 24 an, e li pral eseye avanse pou'l tounen premye chofè nwa Ozetazini ki patisipe nan kous sa a depi George Mack te fè'l an 2002.
Francis pral reprezante Force Indy nan kous la, ki se ekip Roger Penske a ki vize pwomouvwa divesite nan kous sa yo.
"Mwen te kontan tande Ernie tapral kondwi pou Force Indy an 2022," Roger Penske deklare. "Antanke moun ki gen yon istwa ak Trans Am (machin li te konn kondwi anvan sa) mwen konnen ki kalite talan moun ki patisipe nan seri sa a genyen. Ernie se yon bel adisyon a Indy Lights."
Force Indy pral fe gran debi li nan seri Indy Lights nan St. Petersburg, Florid pandan ouvèti sezon an mwa pwochen an (Fevriye).