Accessibility links

Breaking News

Yon Bato Koule Tou Pre Florid; 39 Moun Disparèt


Foto Achiv: Bato Gad Kòt Etazini Bernard C. Webber kite baz gad kòt la Lendi 19 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Bato Gad Kòt Etazini Bernard C. Webber kite baz gad kòt la Lendi 19 Jiye, 2021.

MIAMI - Gad Kòt Etazini ap chache 39 moun ki disparèt depi plizyè jou ki te nan yon bato ke yo sispèk te sèvi pou fè trafik moun tou pre kot eta Florid. Yo kwè bato sa a te soti Bahamas.

Ajans sekirite maritim nan pibliye yon mesaj sou twitter kote li fè konnen yon bon Samariten rele Gad Kòt bonè Mati maten apre li te sove yon nèg ki tap kenbe bato a ak tout fòs li, a yon distans 45 miles ak vil Fort Pierce.

Moun sa a di li te nan yon bato ki fè nofraj nan move tan. Gad Kòt la konsidere ka sa a tankou yon ka trafik moun.

XS
SM
MD
LG