Accessibility links

Breaking News

Yon 3èm Dòz Vaksen Enpòtan pou Ranfòse Pwoteksyon kont KOVID-19


Doktè Anthony Fauci, direktè Enstiti Nasyonal Alèji ak Maladi Enfektyez, t ap pale pandan yon pwendprès nan La Mezon Blanch nan Washington, 1e desanm 2021.
Doktè Anthony Fauci, direktè Enstiti Nasyonal Alèji ak Maladi Enfektyez, t ap pale pandan yon pwendprès nan La Mezon Blanch nan Washington, 1e desanm 2021.

Doktè Anthony Fauci, pi gwo espesyalis nan domèm maladi enfektyez e prensipal konseye Prezidan Joe Biden pou pwogram anti-KOVID gouvènman ameriken an, konseye moun ki totalman vaksinen yo al pran yon "dòz booster", swa yon dòz an plis pou kore pwoteksyon yo kont dènye varyan maladi a, omikwonn.

Prensipal espesyalis nan kesyon maladi enfektyez Ozetazini, Doktè Anthony Fauci, ki t ap pale nan jounen dimanch 12 desanm nan, bay tout ameriken ki konsène konsèy pou yo prese al pran yon vaksen siplemantè kont varyan Omikwonn nan. Se sa yo rele "vaksen booster a" oubyen vaksen ki ranfose pwoteksyon sistem yon moun o maksimòm kont yon varyan.

Doktè Fauci bay konsèy sa a nan moman dènye estatistik yo fè konnen kantite total moun ki mouri anba maladi KOVID la Ozetazini monte rive preske 794000 -794 mil), swa plis pase nenpòt ki lòt peyi nan lemond, dapre Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, CDC.

Doktè Fauci fini ak mo sa yo: "Gen 60 milyon ameriken ki elijib pou yo pran vaksen, men yo poko vaksinen; tandiske gen 100 milyon lòt ki elijib pou yo pran yon vaksen booster pou kore pwoteksyon yo.a''

Klike sou video anba a pou suiv yon repòtaj kote Lyonel Desmarattes ap plase konsèy la nan kontèks li.

Repòtaj sou yon vaksen an plis kont Omikwonn.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:34 0:00

XS
SM
MD
LG