Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moise, Bay Lwavwadlamerik yon Entèvyou sou Sitiyasyon an ann Ayiti


WASHINGTON/PÒTOPRENS – Nan yon entèvyou esklizif Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, bay Lavwadlamerik nan jounen madi 9 fevriye 2021 an, li defann arete prezidansyèl li pran pou l anonse miz an retrèt 3 manm Kou Kasasyon an; li di objektif desizyon sa a se “pwoteje” pi gran tribinal peyi a.

Nan jounen lendi a, lidè opozisyon yo k ap redi pou yo mete yon fen nan gouvènman Moise la, te deklare Jij Kou Kasasyon Joseph Mécène Jean-Louis kòm Prezidan Pwovizwa. Sa te rive yon jou aprè Prezidan Jovenel (jan pèp ayisyen an rele l la) te anonse lapolis te arete plis pase 20 moun sou akizasyon dèske yo t ap eseye touye li epi chavire gouvènman l nan.

Opozisyon an avèk Prezidan Jovenel -ki gen yon bon ti tan depi l ap dirije pa dekrè aprè li te disoud palman an an janvye 2020- pa ka antann yo sou kesyon pou konnen ki lè manda prezidan an ta dwe pran fen: opozisyon an di li fini dimanch 7 fevriye pase a; men ou Prezidan Jovenel, li menm, li rete yon ane ankò pou l pase sou pouvwa a.

Lidè ayisyen an, ki pale pa Skype avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, deklare:

“Konsèy dè Minis la te reyini nan jounen yè a e nou pran kèk dispozisyon pou n pwoteje demokrasi ak endepandans pouvwa jidisyè a. Paske, jan ou konnen sa, pouvwa jidisyè a endepandan, pouvwa egzekitif la endepandan epi pouvwa lejislatif la endepandan. Sepandan, Prezidan an reprezante garan enstitisyon nasyonal yo; e, an reyalite, nou pran desizyon sa a, jan m deja di sa a, pou n pwoteje enstitisyon repiblik la ki rele Kou Kasasyon.”

Building Harry S. Truman, Katye Jeneral Depatman Deta nan Washington, D.C.
Building Harry S. Truman, Katye Jeneral Depatman Deta nan Washington, D.C.

Depatman Deta Ameriken eksprime preyokipasyon li nan jounen madi a.

Yon pòtpawòl Depatman Deta a, ki nan Biwo Afè Emisferik yo, fè deklarasyon sa a nan mikwo Lavwadlamerik:

“Nou genyen gwo kèsote konsènan nenpòt ki aksyon ki ta vin domaje enstitisyon demokratik Ayiti yo. N ap analize de prè arete prezidansyèl la pou n konnen si l konfòm ak konstitisyon ayisyèn nan e ak lwa Ayiti yo.”

Òganizasyon Nasyon Zini (l’ONU), li menm tou, pale avèk Lavwadlamerik aprè evolisyon sitiyasyon an ann Ayiti. Yon pòtpawòl fè deklarasyon sa a pou VOA:

“Nou mete aksan sou enpòtans efò ki dwe fèt pou garanti separasyon pouvwa yo, non-politizasyon sitiyasyon an avèk respè e otonomi pou endepandans pouvwa jidisyè a.”

XS
SM
MD
LG