Pòt Pawòl Depatman Deta Ned Price di Lavwadlamerik se Depatman Sekirite enteryè Etazini an ki deside si yap bay TPS apre yo finn konsilte ak kèk ajans apropriye.
TPS se yon stati tanporè otorite Depatman Sekirite Enteryè Etazini an bay endividi ki soti nan peyi kap fè-fas ak dezas natirel oubyen konfli ame. Stati sa a pèmèt moun ki benefisye l yo abite e travay ozetazini pandan yon sèten peryòd.
Nan mwa oktob 2020, Lè Prezidan Joe Biden tap mennen kanpay pandan l te kandida, li te pase nan Miami kote l te chèche jwen vòt Ayisyen-Ameriken yo e li te promèt pou l travay sou pwogram TPS la, yon kesyon imigrasyon ki te byen wo sou lis priyorite yo.
Anbasadè Ayiti a nan Washington, Bocchit Edmond, deklare, nap site ”Nou espere avèk èd Kongrè Etazini an, administrasyon Biden nan, pral jwenn yon solisyon final pou kesyon sa a ki trè sansib e ki gen yon enpak sou yon kantite Ayisyen.”