Accessibility links

Breaking News

Yon Ansyen Kolonèl Di Leta Ayisyen te Manke Fè Travay li Pou Anpeche Evazyon an nan Prizon Sivil Kwadèboukè a


Ansyen Kolonèl Himler Rebu ap eksplike evazyon prizon sivil Kwadèboukè a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:42 0:00

Ansyen Kolonèl Himler Rebu ap eksplike evazyon prizon sivil Kwadèboukè a

Ansyen Kolonèl Himler Rebu bay opinyon l sou evazyon ki te fè t nan prizon sivil Kwadè boukè a semèn pase. Li di li kwè rezon ki lakoz plizye prizonye te sove nan prizon an se paske leta ayisyen pat asime responsabilite l pa rapò ak zòn kote yo konstwi prizon an.

Li ajoute gen yon mank enspeksyon ki fet nan prizon sivil la. Li site kòm ekzanp yo pa enspekte kek ansyen polisye ki pa fèpati police la ankò, men ki kontinye pote zam yo ak inifòm yo san otorite yo pa rive detekte sa.

Li di tout ratman sa yo trouve yo a la baz envazyon nan prizon sivil Kwadèboukè a. Li fini pa di kote yo konstwi prizon an li mal plase. Li fè konnen pandan dènye evazyon an gen plizyè sivil ki mouri akoz prizon an pa byen plase.

Ansyen Kolonèl Himlet Rebu fè deklarasyon sa yo nan mikro korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Renan Toussaint.

XS
SM
MD
LG