Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite l’ONU an Gen Gwo Kè-Sote devan Kriz Politik la ann Ayiti – Li Mande Òganizasyon Eleksyon


Konferans video Konsèy Sekirite l ONU an sou kriz politik la ann Ayiti. (Lendi 22 fevriye 2021. Foto: UNSC).
Konferans video Konsèy Sekirite l ONU an sou kriz politik la ann Ayiti. (Lendi 22 fevriye 2021. Foto: UNSC).

Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an fè konnen li gen gwo kè-sote devan enstabilite politik la k ap vin pi grav ann Ayiti e li lanse apèl pou l mande òganizasyon eleksyon ane sa a.

Manm Konsèy Sekirite a te rankontre nan yon video konferans lendi 22 fevriye a pou yo te fè deba sou yon rapò 120 paj Biwo Entegre Nasyon Zini an ann Ayiti (BINUH) prepare, kote li bay detay sou evennman ki pase nan peyi a ant le premye septanm 2020 e le 31 janvye 2021, nan domen-kle tankou: gouvènans politik ak bon gouvènans, rediksyon vyolans, sekirite ak eta de dwa, dwamoun, chomaj, jenès ak gwoup vilnerab yo, epi disponibilite sèvis sosyal de baz avèk rezilyans.

Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekrète Jeneral lONU an ann Ayiti e chèf BINUH, prezante yon tablo ki sonb anpil-anpil sou sitiyasyon an ann Ayiti pandan li t ap mete yon rapò devan manm yo. Madam La Lime deklare:

“Nan moman peyi a ap prepare l pou l antre nan yon peryòd pre-elektoral ki pral chaje ak tansyon, polarizasyon ki karakterize pi fò manda Prezidan Jovenel Moise la vin pi grav toujou, nan moman gen anpil siyn ki montre espas sivik la ap retresi tandiske yon sitiyasyon politik ak yon kriz imanitè ki te deja ap bay gwo kè-sote, kontinye deteryore.”

Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral l ONU ann Ayiti.
Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral l ONU ann Ayiti.

Pandan Chèf BINUH an t ap dekri sitiyasyon dwamoun nan kòm yon sitiyasyon ki “malouk”, li site yon arete Prezidan Moise te pran nan dat 26 novanm nan sou kesyon sekirite piblik kòm yon aksyon ki poze pwoblèm seryezman pou egzèsis libète sivil yo. Madam La Lime deklare:

<< Definisyon twò elaji mo “teworism nan” jan arete 26 novanm sou sekirite piblik la prezante l la (kote li mete sou lis la deli ki pa grav, tankou vandalism ak blokaj sikilasyon, ansanm avèk yon ogmantasyon nan ni menas ki vize -ak atak ki fèt sou- jounalis, avoka, jij ak militan dwamoun), tou sa menase deba piblik yo e li koupe sou egzèsis dwa entouchab yon moun genyen, tankou libète lapawòl, libète laprès, avèk dwa pou moun rasanble fasifikman. >>

Chef BINUH an kontinye pou l kritike arete Prezidan Moise pran pou l voye 3 jij Kou Kasasyon an nan retrèt aprè li te anonse yon swadizan tantativ kou deta –yon aksyon ki vin inifye gwoup opozisyon yo ki te divize jiskela, tandiske sa pwovoke kòlè alye Ayiti yo nan kominote entènasyonal la.

REPONS GOUVÈNMAN AYISYEN AN

Nan yon aksyon ki pa fèt souvan, se Prezidan Jovenel Moise pèsonèlman, ki te adrese Konsèy Sekirite a pou l defann politik li yo. An jeneral se Minis Afè Etranje yo ki pran lapawòl nan yon rankont konsa.

Lidè ayisyen an prezante yon lis tout reyalizsyon administrasyon l lan fè nan domèn enèji, enfrastrikti ak modènizasyon fòs polis la ann Ayiti. Li site pwogrè ki fèt nan pwogram li genyen pou l fè refòm nan konstitisyon an epi òganize yon referandòm ak eleksyon jeneral ane sa a. Li pran angajman pou l poze e chache rezoud pwoblèm vyolans gang, kidnaping, abi dwamoun ak libète laprès. Sepandan, pafwa deklarasyon li yo te an kontradiksyon avèk sa moun ka li nan rapò BINUH an.

Jovenel Moise, Prezidan Repiblik d Ayiti.
Jovenel Moise, Prezidan Repiblik d Ayiti.

Misye Moise –ki t ap pale an fransè- te rejte kritik ki fè konnen l ap dirije pa dekrè a. Sou pwen sa a li deklare:

“Pou nou ranfòse eta de dwa epi konsolide ajans sekirite yo pandan ke pa gen yon palman k ap fonksyone, mwen te oblije adopte kèk dekrè ki te nesesè pou n konbat krim òganize, yon ensekirite ak kidnaping k ap gaye tou patou.”

Lidè ayisyen an ajoute:

“Depi 1987, mwen se 5èm prezidan ki sèvi ak enstriman sa a pou m satisfè bezwen pèp la. Mwen pral kontinye fè sa nan yon fason limite jiskaske yon nouvo palman va eli epi 59th. Prezidan Repiblik la va prete sèman le 7 fevriye 2022.”

LÈZETAZINI KRITIKE GOUVÈNMAN AN NAN PÒTOPRENS

Sepandan, Anbasadè Jeffrey DeLaurentis, Reprezantan Spesyal Pwovizwa nan Misyon Lèzetazini nan l ONU pou Afè Politik, montre li pa gen senpati ditou pou dirijan ayisyen an. Diplomat ameriken an deklare:
“Kite m kòmanse ak yon bagay nou tout konnen: eleksyon palmantè te dwe dewoule ann Ayiti an oktòb 2019. Men, anvan e aprè dat sa a, manm Konsèy la te lanse apèl plizyè fwa bay aktè politik yo ann Ayiti pou mande yo mete tèt yo ansanm, pou yo mete diferans yo sou kote epi chache jwenn yon mwayen pou yo rezoud defi ki pi ijan Ayiti genyen devan l yo. Yo te pito pa fè sa; sepandan, responsablite final la pou kreye yon klima ki pwopis pou dewoulman eleksyon lib e onèt e pou òganizasyon eleksyon sa yo, se obligasyon gouvènman an.”

Jeffrey DeLaurentis, Responsab Afè Politik Pwovizwa nan Misyon Lèzetazini nan l ONU.
Jeffrey DeLaurentis, Responsab Afè Politik Pwovizwa nan Misyon Lèzetazini nan l ONU.

Anbasadè DeLaurentis ajoute “afè dirije pa dekrè sa a dwe fini”. Li deklare:

“Pou m fini, kite m repete nesesite ki genyen pou peryòd aktyèl la, kote gouvènman an ap dirije pa dekrè a, pran fen imedyatman. Se sèlman gras ak prezans yon gouvènman stab, demokratik e totalman reprezantatif, ke pwoblèm tankou vyolans, koripsyon ak abi dwa sivik ak dwamoun kapab poze efikasman e jwenn bon jan solisyon.”

Prezidan Jovenel Moise fè Konsèy Sekiritre a konnen yon referandòm sou konstitisyon an pral dewoule nan mwa jen an –se yon gwo chanjman pa rapò ak dat 25 avril ki sou kalandriye Konsèy Elektoral Pwovizwa a te deja anonse. Li ajoute ke eleksyon lejislatif ak prezidansyèl pral dewoule nan mwa septanm 2021 an.

(A suiv)

XS
SM
MD
LG