Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Ameriken an Rejte Dènye Efò Ki T Ap Fèt pou Kraze Viktim Joe Biden nan


Yon pati na lokal Kou Siprèm Etazini an.
Yon pati na lokal Kou Siprèm Etazini an.

Kou Siprèm Lèzetazini rejte yon pwosè otorite lajistis Eta Tegzas yo te vle fe pou anile viktwa kadida demokrat la, Joe Biden, devn Prezidan Donald Trump

Nouvèl ki parèt Washington, DC., fè konnen Kou Siprèm Lèzetazini an pran yon desizyon byen ta nan jounen vandredi 11 desanm nan, pou l rejte yon pwosè otorite lajistis Eta Tegzas yo te vle fe pou anile rezilta eleksyon prezidansyel 3 novanm pase a nan 4 eta-kle kote Prezidan Donald Trump te pèdi vòt la devan kadida demokrat la, Joe Biden. Desisyon pi gwo tribinal peyi a vin mete fen nan efò Misye Triuimp t ap fè devan divès tribinal pou l chanje rezilta eleksoyn an.

Nan yon lòd tou kout gran jij yo pibliye, yo fè konnen Eta Tegzas pa genyen dwa legal pou l rele devan lajistis otorite Eta Jòji, Pennsilvani, Wisconsin avèk Michigan sou fason yo òganize eleksyon lakay yo. Jij yo ajoute, “Tegzas pa montre li enterese konnen sou ki baz legal òganizasyon eleksyon repose nan chakenn nan lòt eta yo. E nou rejte tout lòt pwosè ki an sispan yo, paske rezon dèt yo diskitab, yo pa chita sou yon baz legal solib.”

Jij Samuel Alito ak Clarence Thomas –2 manm ki pi konsevatè nan Kou Siprèm nan- di yo ta byen dispoze kite Tegzas soumèt doleyans li a; men yo tou avèti eta sa a ke yo pa t ap ba l okenn stisfaksyon.”

Nan yon nòt Misye Trump pibliye sou Twitter byen ta vandredi, li eksprime desepsyon li ak desisyon Kou Siprèm nan. Li ekri pou l di: “An verite, Kou Siprèm nan ban nou yon move kou. Li pa genyen ni sajès, ni kouraj.”

Nan menm sware vandredi a, patizan Prezidan Trump ki pi fawouch yo lanse apèl bay fatatik parèy yo pou mande yo patisipe nan yon defile nan Washington DC nan jounen samdi 12 desanm nan. Youn nan piblisite pou mach sa a ki parèt sou Twitter lanse slogan sa a an grann lèt:

“BATAY LA POKO FINI. – SAMDI NAN WASHINGTON D.C. PRAL GENYEN YON GWO KOKENN RASANBLEMAN – NOU FÈT POU N LEVE KANPE POU N DEFANN PREZIDAN AN KOUNYELA A MENM.”

XS
SM
MD
LG