Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Meksik: Lapolis Dekouvri 18 Kò san Tèt


La polis nan peyi Meksik jwen omwen kadav 18 moun demanbre ak tèt koupe nan pati lwès peyi a kote vyolans ant gang dwòg rival yo ap vale teren.

Ministè Piblik la, Tomas Coranado di yo te dekouvri kadav sa yo boure an dedan yon mini bus tou prè Lak Chapala yè mèkredi 9 me 2012 la a pa twò lwen vil Guadalajara.

La polis di yo te jwen tou kote sa a yon nòt ki ekri a la men e yo kwè se Gang Dwòg Zetas la ki kite l.

Nouvèl yo rapòte Yon fi ki swadizan gen lyen avek gang Zetas la di anketè yo, ansasina sa a se an reprezay pou lanmò 23 moun vandredi pase.

Yo te jwen viktim yo pann sou yon pon e yo te mete yo nan saché fatra nan vil fwontyè a, Nuevo Laredo.

Katèl dwòg Zetas-la ak katèl Sinaloa gen yon istwa atak violan youn kont lot nan batay pou teritwa
XS
SM
MD
LG