Nan peyi Siri, près gouvènmantal la fè konnen plis pase 40 moun pèdi lavi yo aprè 2 ekzplozyon marasa fè gwo ravaj nan yon katye vil Damas, kapital la, jedi 10 me 2012 la, nan moman obsèvatè l’ONU yo ap eseye fè respekte yon seselfe bankal ant gouvènman an ak rebèl yo. Medya ki anba kontwòl Leta a konsidere eksplozyon sa yo kòm 2 zak teworis. Sa rive nan moman anpil siryen ta prale nan travay.
Eksplozyon yo fèt tou prè yon enstalasyon kote lame siryèn nan genyen yon baz. Kèk nan obsèvatè l’ONU yo deja ale vizite sèn nan. Majò-jeneral Robert Mood, manm misyon obsèvasyon Nasyon Zini an, deklare:
“Yon mesaj trè klè mwen ta renmen voye bay tout moun --tout moun ki mele nan kalte zak vyolans sa yo— sè ke sa pa pral rezoud pyès pwoblèm. Alòs, nou ta renmen pou tout moun nan Siri, tout moun andeyò Siri, konprann sa pral kreye plis pwoblèm pou fanm yo, pou timoun yo, pou pèp siryen an an jeneral. E tout moun ki apiye bagay konsa, tout moun k ap ede zòt komèt zak konsa, ta dwe chanje direksyon. ”
Mèkredi 9 me 2012 la, pandan yon konvwa ki te genyen obsèvatè l’ONU ladan ta prale nan vil Daraa, nan pati sid Siri, li t al monte sou yon bonm ki te arebò wout la. Anyen pa rive obsèvatè l’ONU yo, men gouvènman an fè konnen 10 sòlda ki te la pou pwoteje konvwa a, yo tout blese. Menm mèkredi a, nan New York, pandan sekretè jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, tap abòde sitiyasyon an nan Siri, li te pale pou l di tan pou yo mete fen nan zak vyolans yo preske rive nan bout li.
Misye Ban deklare:
“Gouvènman an ak tout eleman ki fòme opozizyon an ta dwe konprann se yon ti fenèt opòtinite tou piti nou genyen pou n mete fen nan vyolans la ; se yon okazyon tou brèf nou genyen pou n kreye kontak politik ant gouvènman an ak moun kap mande chanje yo. Si nou kite chans sa a pase, mwen pè pou sa anvwaye espesyal Kofi Annan pa vle rive a, se sa ki pral rive : sètadi yon gè sivil total avèk konsekans katastwofik pou Siri ak tout rejyon an.”
Depi kèk tan deja, obsèvatè l’ONU yo ap siyonnen teritwa siryen an pou wè si gouvènman an ak mouvman rebèl la respekte seselfe a ki fè pati yon plan lapè anvwaye espesyal Kofi Annan te negosye. Gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la lonje dwèt sou sa ki rele « gwoup teworis ame » kòm moun ki responsab pou pi fò zak vyolans yo.