Accessibility links

Breaking News

2 Tyè Sena a ki Estime Manda yo Toujou Valid Ap Reyini pou Fòme yon Nouvo Biwo


Foto achiv manm ansyen biwo Sena ayisyen an.
Foto achiv manm ansyen biwo Sena ayisyen an.

24è apre Prezidan Jovenel Moise di li konstate fen manda 50èm lejislati a ak 2 tyè sena a, deba ap kontinye sou dire manda manm gran kò a.

2èm group senatè konsène yo di yo gen yon manda 6zan. Konsa gwoup senatè sa yo mete ak 3èm gwoup la anonse y ap reyini madi 14 janvye a pou fòme yon nouvo biwo.

Nan deklarasyon Prezidan Jovenel Moise fè sou kesyon an li di l ap itilize salè leta ta pral peye 19 senatè ak depite yo soti janvye pou rive septanm pou l konstwi 10 lise nan 4 depatman peyi a.

XS
SM
MD
LG