Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksik la Rejte Of Ed Prezidan Trump kont Gang yo aprè Asasina 9 Ameriken nan Peyi Vwazen an


Prezidan Meksik la, Andres Manuel Lopez Obrador. (Foto: REUTERS/Jorge Luis Plata).
Prezidan Meksik la, Andres Manuel Lopez Obrador. (Foto: REUTERS/Jorge Luis Plata).

Prezidan Etazini an, Donald Trump, deklare:

«Katèl dwòg meksiken yo dwe disparèt sou sifas Planèt Tè a. »

Lidè ameriken an pale konsa aprè yon gang meksiken fin masakre 9 manm yon fanmi amerikèn nan Meksik, swa 3 fanm avèk 6 timoun. Sanble gangtè yo te twonpe yo e yo te pran machin viktim yo pou machin kèk manm gang k ap goumen pou kontwòl rejyon an, daprè otorite meksiken yo. Nan yon nòt Prezidan Trump pibliye sou kont Tweeter li, li ajoute:

<<Si Meksik bezwen oubyen si l mande èd pou l elimine mons sa yo, Lèzetazini pare, li gen volonte e li kapab antre nan koze a epi fè travay la rapidman e byen.>>

Paran moun ki mouri yo (ameriken ak meksiken) sete manm kominote Mòmon an. Yo ap gade debri yon machin kote kèk nan viktim yo pèdi lavi yo nan rejyon Bavispe, nan Eta Sonora, o Meksik. (Foto: 5 novanm 2019).
Paran moun ki mouri yo (ameriken ak meksiken) sete manm kominote Mòmon an. Yo ap gade debri yon machin kote kèk nan viktim yo pèdi lavi yo nan rejyon Bavispe, nan Eta Sonora, o Meksik. (Foto: 5 novanm 2019).

Prezidan ameriken an pwopoze pou l ede Meksik livre yon lagè san mèsi kont katèl dwòg yo. Sepandan prezidan meksiken an, Andrés Manuel Lope Obrador, rejte apwòch sa a ; dapre sa l di, gouvènman ki te la anvan li yo te eseye yon solisyon mlitè e "sa pa t mache. Pi move bagay ou kapab eseye, se lagè."

Prezidan Obrador, ki te pale avèk Prezidan Trump nan jounen madi 5 novanm nan, ajoute nan yon nòt sou kont Twetter li:

"Mwen di l mèsi pou volonte li genyen pou l ede nou e mwen fè l konnen enstitisyon gouvènman meksiken an pral pase alaksyon pou l garanti ke lajistis triyonfe."

XS
SM
MD
LG