Accessibility links

Breaking News

Senatè Marco Rubio (R-FL) di Etazini Pa Dwe Mele nan Sitiyasyon an ann Ayiti


Senatè Marco Rubio (R-FL).
Senatè Marco Rubio (R-FL).

Marco Rubio, youn nan palmantè ki reprezante Eta Florid nan Sena ameriken an, bay jounal Miami Herald yon entèvyou kote li di Lèzetazini pa p mele nan sa k ap pase ann Ayiti a. Misye Rubio, ki t ap reponn kesyon jounalis Jacqueline Charles, bay yon reponn klè e dirèk pou apèl k ap mande pou Washington entèveni nan rechèch solisyon pou kriz peyi a ap travèse depi kèk tan deja.

«Enterè mwen ann Ayiti sete toujou pou peyi a gen demokrasi, eleksyon ak etadedwa; e mwen pral kontinye apiye li nan sans sa a. Kantapou kesyon pou konnen kiyès Ayisyen yo chwazi kòm lidè yo, sa depann de pwosesis ki an vigè anndan peyi a pou sa. Nou pa gen pyès wòl pou nou jwe nan kesyon pou konnen ki moun k ap bay demisyon yo, ou ki moun kap rete sou pouvwa a. »

Depite Frederica Wilson (agoch) ak Prezidant Cham Depite a, Nancy Pelosi, Miami, Florid, 3 Okt. 2019. (Foto: @RepWilson Twitter).
Depite Frederica Wilson (agoch) ak Prezidant Cham Depite a, Nancy Pelosi, Miami, Florid, 3 Okt. 2019. (Foto: @RepWilson Twitter).

Miami Herald atire atansyon sou le fèt ke deklarasyon Senatè Rubio yo depaman totalman avèk opinyon Depite Demokrat Frederica Wilson, ki reprezante yon sikonskripsyon nan Miami kote anpil imigran ayisyen ou pitit imigran ayisyen ap viv, te eksprime semèn pase a lè li te di : « Gen yon bagay ki dwe fèt kanmèm. » Depite Wilson te pale konsa nan okazyon yon tablewonn li te anime nan Miami avèk Prezidan Chanm Depite ameriken an, Nancy Pelosi, aek patisipasyon anpil reprezantan kominote ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG