Accessibility links

Breaking News

Prezidansyèl/USA: Yon Analiz Plan Refòm Ekonomik Kandida Demokrat Elizabeth Warren


Kandida a la pezidans Pati Demokrat la, Elizabeth Warren, (Senatris, D-Mass) ki t ap pale nan yon meeting elektoral nan vil Los Angeles, Kalifòni, nan dat 21 out 2019 la.
Kandida a la pezidans Pati Demokrat la, Elizabeth Warren, (Senatris, D-Mass) ki t ap pale nan yon meeting elektoral nan vil Los Angeles, Kalifòni, nan dat 21 out 2019 la.

Ozetazini, youn nan kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Elizabeth Warren, monte rive nan 2èm plas la nan sondaj yo e li atire gwo foul nan meeting li òganize nan kad kanpay elektoral l ap mennen atravè tout peyi a. Youn nan rezon ki eksplike remonte Madam Warren nan entansyon vòt elektè yo, se yon plan refòm ekonomik ki sanble enteresan pou anpil sitwayen ameriken.

Nan yon meeting elektoral ki te dewoule sa pa gen lontan nan vil Seattle, nan Eta Washington, plis pase 15 mil moun te reponn prezan pou yo montre apui yo pou Madam Warren ak politik jeneral li ki gen ladan n yon plan pou l konbat innegalite ekonomik nan peyi a. Pwojè refòm ekonomik kandida a genyen ladan n yon pati ki prevwa pou gouvènman federal la ajoute 2% sou taks fanmi rich yo ap peye depi y ap fè plis ke 50 milyon dola pa ane, avèk 7% taks sou gwo konpayi k ap fè plis pase 100 milyon dola pa ane.

Kandida Elizabeth Warren (Senatris, D-Mass.), avèk yon foul patizan pandan li t ap mennen kanpay nan vil Hampton Falls, Eta New Hampshire, nan dat 2 septanm 2019 la.
Kandida Elizabeth Warren (Senatris, D-Mass.), avèk yon foul patizan pandan li t ap mennen kanpay nan vil Hampton Falls, Eta New Hampshire, nan dat 2 septanm 2019 la.

Dapre kalkil espesyalis yo, aplikasyon pratik pwojè ekonomik Warren nan ta pèmèt leta federal rantre 2 trilyon 75 milya dola nan 10 zan, lajan ki ta sèvi pou finanse pwogram resiklaj ou fòmasyon pou anplwaye ak travayè ameriken yo. Yon lòt rezilta chanjman ekonomik sa yo, sè ke li t ap oblije kèk gwo konpayi tankou GOOGLE ak FACEBOOK (k ap fè plizyè milya dola pa ane) re-envante yo pou yo tounen 2 e menm 3 konpayi pito.

Kit Elizabeth Warren ranpòte nominasyon demokrat la ou pa, plan li a -ke kèk ekspè konsidere kòm “yon plan patriyotik”- ap fòse rival li yo fè yon jan pou yo vini ak refòm ekonomik pa yo e, konsa, eta ekonomi amerikèn nan kapab okipe yon gwo plas nan tout kanpay elektoral la, daprè John Halpin k ap travay nan Sant Nasyonal pou Pwogrè Ameriken.

Si plan refòm ekonomik Madam Warren nan anonse chanjman ki favorize majorite sitwayen ameriken yo, espesyalis yo di sa pa p anpeche Prezidan Donald Trump ak lidè repibliken yo prezante l kòm yon plan popilis epi akize Demokrat yo kòmkwa yo se yon bann sosyalis radikal. Konsa, si eleksyon prezidansyèl la sere an 2020, elektè modere yo –ki, jeneralman, pa renmen gouvènman k ap depanse twòp ou k ap chache gen twòp kontwòl sou lavi sitwayen yo- kapab jwe yon gwo wòl epi fè balans la panche nan yon sans oubyen yon lòt.

An tou ka, patizan Elizabeth Warren yo ensiste pou yo di, sa ki pral fè deferans la, se yon “pwojè de sosyete” ki pwogresis ase pou l chofe elektè ki nan klas travayè a epi ankouraje yo sòti al fè devwa sivik yo nan jou eleksyon an nan mwa novanm 2020.

Nou pwopoze w yon vèsyon odyo-vizyèl repòtaj sa a avèk Marie-Luce Pierre.

XS
SM
MD
LG