Accessibility links

Breaking News

Kantite Kandida Demokrat pou Plas Prezidan Ameriken an Vin Pi Piti Semèn apre Semèn

3 nan kandida ki pral patisipe nan 3èm deba prezidansyèl la: Ansyen Vis Prezidan Joe Biden (agoch), Senatè Eta Vermont Bernie Sanders (mitan) avèk Senatris Eta Kalifòni Kamala Harris.
3 nan kandida ki pral patisipe nan 3èm deba prezidansyèl la: Ansyen Vis Prezidan Joe Biden (agoch), Senatè Eta Vermont Bernie Sanders (mitan) avèk Senatris Eta Kalifòni Kamala Harris.

Lis kandida Pati Demokrat ameriken an ki pral patisipe nan yon 3èm deba pou prezante pwogram politik yo devan elektora a, ap vin pi kout semèn aprè semèn. Alòske pou 2 premye deba yo kantite kandida yo sete 20, se mwatye chif sa a –swa 10 kandida- ki pral reponn prezan sou podyòm nan nan dat 12 septanm kap vini la a pou 3èm konfwontasyon an nan vil Houston, nan Eta Tegzas.

Pami kandida ki kalifye pou yo patisipe nan deba sa a a, genyen senatris Eta Kalifòni Kamala Harris ; majistra kominal vil South Bend, nan Eta Indiana, Pete Buttigieg ; senatè Eta New Jersey, Cory Booke ; ansyen depite Eta Tegzass, Beto O'Rourke; senatris Eta Minnesota Amy Klobuchar, ansyen minis lojman ak devlopman Iben, Julian Castro; avèk entreprenè Andrew Yang.

Foto sa a montre kèk nan kandida ki nan kous la toujou ak kèk lòt ki pa nan kous la ankò (sòti a goch pou ale a dwat): Senatè Michael Bennet (Kolorado, pa ladan), Sen. Kirsten Gillibrand (NY, pa ladan),, ansyen minis devlopman iben Julian Castro (ladan), Sen. Cory Booker (N.J, ladan), ansyen Vis Prezidan Joe Biden (ladan), Sen. Kamala Harris (Kal. ladan), antrepremè Andrew Yang (ladan), depite Tulsi Gabbard (Awayi, pa ladan).

Vrèmanvre, akoz òganizatè yo ranfòse kondisyon pou yon kandida patisipe nan deba prezidansyèl yo, sa fòse kèk demokrat wete kò yo nan kous la. Pami kandida ki tonbe nan kategori sa a, nou jwenn gouvènè Eta Montana a, Steve Bullock; depite-fanm Eta Hawaii, Tulsi Gabbard ; avèk militan anviwonmantalalis e milyadè Tom Steyer.

Nan repòtaj sa a, Lyonel Desmarattes pral pale de kandida ki toujou prezan nan kous la e l ap eseye wè kisa rediksyon an vle di pou elektè ki pral chwazi youn nan yo pou fè fas ak Prezidan Donald Trump nan mwa novanm 2020 an.

XS
SM
MD
LG