Accessibility links

Breaking News

Etazini: Anvwaye Espesyal Ameriken pou Venezuela a di Lè pou Fè Chita-Pale ak Prezidan Maduro a pase Lontan


Depatman Deta Etazini Isit Washington
Depatman Deta Etazini Isit Washington

Anvwaye espesyal Etazini pou Venezyela Eliott Abrams fè konnen moman pou moun ta fè chita-pale ak prezidan Nicolas Maduro a pase lontan deja, eksepte negosyasyon pou'l di kilè lap kite pouvwa a. Mesye Abrams di jounalis nan depatman deta a isit Washington jedi 7 novanm 2019 la mesye Maduro gen zanmi nan Kiba ak Larisi.

Anplis desa, genyen anpil lòt peyi li pa site li di ki ofri l azil sou teritwa yo. Anvwaye espesyal ameriken an anonse tou Etazini deja revoke viza kèk manm nan asanble konstitiyant Venezyela a, ki gen pou travay sou yon nouvo konstitisyon pou peyi amerik di sid la. Opozisyon an ansanm ak anpil sitwayen venezyelyen fè konnen eleksyon 2017 yo lokatè palè Miraflorès la te òganize pou eli manm asanble konstitiyant la te chaje ak magouy.

Antretan, mesye Abtams presize Etazini deja pare pou voye manje ak materyèl medikal mete ak lòt asistans imanitè bay peyi amerik di sid la sou demand kan opozisyon venezyelyèn nan.

XS
SM
MD
LG