Premye minis nritanik Theresa May ap fè fas ak yon vòt non-konfyans nan dat 16 janvye 2019 la apre li fin sibi yon kokenn defèt nan palman an konsènan lide pou retire Grann Bretay nan Inyon ewopeyèn nan.
Lidè pati opozisyon travayis la, Jeremy Corbyn, anonse li pwopoze yon mosyon non-konfyans pou gouvènman anplas la tousuit apre rezilta vòt la nan dat 15 janvye pase a. Si madam May sibi yon defèt , enben Grann Bretay pral gen pou l òganize elesyon jeneral lakay li anvan lontan.