Accessibility links

Breaking News

Grann Bretay : Premye Minis Theresa May dwe Rankontre lidè Konsèy Ewopeyen an sou dosye Brexit la Jodi Jedi a


Premye Minis Britanik Theresa May nan Brusèl pou Rankontre Lidè Konsèy Ewopeuen an
Premye Minis Britanik Theresa May nan Brusèl pou Rankontre Lidè Konsèy Ewopeuen an

Premye minis britanik la, Theresa May ap pare pou'l rankontre ak lidè konsèy ewopeyen an nan vil Brusèl, an Beljik, pou kontinye fè chita-pale sou retrè Grann Bretay nan Inyon an, apre li finn siviv anba yon vòt non konfyans pou'l kapab kenbe l nan pòs lap okipe nan nasyon britanik-la. Genyen yon tyè nan chanm dè kominn nan ki te vote kont premye minis la.

"genyen yon gwo kantite kolèg ki vote kont mwen, e mwen te tande opinyon yo. Apre depo bilten sa-a, sa nou bezwen kounye-a, se fè travay pou retire Grann Bretay nan unyon-an, yon fason pou bati yon meyè avno pou pèp britanik-la. Kesyon Brexit-la respekte vòt nasyon-an te ban mwen sou kesyon-an, ki pral pèmèt nou repran kontwòl deviz peyi-a, fwontyè peyu-a ak lwa britanik yo, yon fason pou pwote job ak sekirite peyi-a."

Deklarasyon premue minis britanik-la Theresa May.

XS
SM
MD
LG