Accessibility links

Breaking News

Etazini-Amerik Latin: Sekretè Deta Pompeo Detaye Politik Washington Vizavi Rejyon an


Sekretè Deta Mike Pompeo nan yon entèvyou avèk Gesell Tobías, jounalis sèvis latino-ameriken Lavwadlamerik la.
Sekretè Deta Mike Pompeo nan yon entèvyou avèk Gesell Tobías, jounalis sèvis latino-ameriken Lavwadlamerik la.

Nan yon entèvyou Sekeretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, bay Gesell Tobias, li bay detay sou politik Lèzetazini vizavi Amerik Latin nan. Avèk premye kesyon li pou chèf diplomasi Lèzetazini an, Gesell Tobias, jounalis Sèvis Latino-Ameriken Lavwadlamerik la, mande li ki santiman ki travèse li apre li pran nouvèl lanmò ansyen prezidan ameriken George H.W. Bush. Misye Pompeo reponn:

"Mwen te gen chans konnen li pandan yon ti bout tan pandan mwen te yon manm Kongrè a; ansuit mwen te vin okipe yon pòs li te okipe anvan m, an palan de direktè Ajans Santral Ransèyman an (CIA). Patwonaj li pou mwen te enpòtan anpil. Se yon yon nonm janti onnpepli. Sete yon patriyòt o pli wo degre. Madanm mwen, Susan, avèk mwen menm, nou voye kondoleyans nou bay tout la fanmi Bush. Lèzetazini pral sonje gwo kokenn konbatan sa a, yon lidè etonan, yon patriyòt ameriken ekstwòdinè."

Sou dosye imigrasyon an, Gesell Tobias di Misye Pompeo:

"Nan moman plizyè santèn sitwayen peyi nan Amerik Santral la ap eseye antre sou tèritwa ameriken an, kisa Lèzetazini kapab fè pou li kreye plis opòtinite nan rejyon an dekwa pou santro-ameriken yo pa santi bezwen pou yo vin chache yon lavi miyò Ozetazini."

Yon lòt ang ki montre chèf diplomasi amerikèn nan, Mike Pompeo, ki t ap reponn kesyon Gesell Tobías (VOANoticias.com).
Yon lòt ang ki montre chèf diplomasi amerikèn nan, Mike Pompeo, ki t ap reponn kesyon Gesell Tobías (VOANoticias.com).

"Se yon bon jan kesyon. Mwen te gen chans rankontre moun ki pral vin minis afè etranjè --donk kòlèg mwen-- o Meksik. Mwen te gen chans travay avèk peyi ki fòme Triyang di Nò a. Nou dispoze fè sa gouvènman k ap prete sèman jodi a o Meksik antann li avèk nou pou n fè dekwa pou n gen yon fèm asirans n ap kreye opòtinite nan peyi sa yo, dekwa pou pèp yo kapab genyen yon lavi miyò nan pwòp peyi yo. Aprè tou se sa ki objektif nou."

Nan fen entèvyou sa a, Sekretè Deta Pompeo reponn kesyon a savwa ki lè l ap retounen nan Amerik Latin nan e ki peyi li pral vizite fwa sa a. Misye Pompeo deklare:

"Ebyen, m ap retounen isit la menm nan dat premye janvye kap vini la a; e se avèk anpil enpasyans m ap tann pou m fè vwayaj sa a. M pa gen anyen pou m anonse… m ap di tou senpleman m pral retounen. Mwen vizite Amerik Latin nan plizyè fwa deja; e anvan lontan m ap retounen."

XS
SM
MD
LG