Accessibility links

Breaking News

Etazini, Kanada ak Meksik siyen yon Nouvo Akò Komèsyal nan Peyi Ajantin


Prezidan Trump, Premye minis kanadyen an, Justin Trudeau, ak prezidan meksiken an, Enrique Pena Nieto k ap siyen nouvo akò komèsyal la nan vil Buenos Aires, ann Ajantin.(Foto: AP/Martin Mejia).
Prezidan Trump, Premye minis kanadyen an, Justin Trudeau, ak prezidan meksiken an, Enrique Pena Nieto k ap siyen nouvo akò komèsyal la nan vil Buenos Aires, ann Ajantin.(Foto: AP/Martin Mejia).

Lidè peyi Kanada, Meksik ak Etazini siyen yon nouvo akò komèsyal vandredi 30 novanm 2018 la. Premye minis kanadyen an, Justin Trudeau, prezidan meksiken an, Enrique Pena Nieto ak prezidan ameriken an, Donald Trump, poze siyati yo anba dokiman an nan vil Bwenozè, yon ti bout tan anvan ouvèti somè 2 jou G-20 k ap dewoule nan kapital Ajantin nan.

Sepandan akò sa a pral pran yon ti tan anvan li antre an aplikasyon, paske palman 3 peyi konsè yo dwe apwouve li. Aranjman komèsyal sa a pral rele ofisyèlman "Akò Etazini-Meksik-Kanada" e li pral kreye echanj komèsyal pou yon total yon trilyon 800 milya dola ant 3 peyi nò-ameriken yo.

XS
SM
MD
LG