Accessibility links

Breaking News

Depite Mia Love, d Orijin Ayisyèn, Reponn Kritik Prezidan Donald Trump


Mia Love, Depite repibliken, ki t ap pale nan lokal Asanble Lejislatif Eta Utah a, nan vil Salt Lake City. Li pral kite Kongrè a an janvye 2019. (Foto Achiv).
Mia Love, Depite repibliken, ki t ap pale nan lokal Asanble Lejislatif Eta Utah a, nan vil Salt Lake City. Li pral kite Kongrè a an janvye 2019. (Foto Achiv).

Daprè ajans nouvèl Associated Press, nan jounen lendi 26 novanm 2018 la, premye e sèl fanm nwa, manm Pati Repibliken an, ki eli nan Chanm Depite a Ozetazini, Mia Love (ki egnorijjn ayisyèn), fè yon deklarasyon kote li lanse kèk pawòl piman bouk sou Prezidan Donald Trump ak kalte relasyon ki egziste ant Pati Repibliken an ak sitwaten nwa ameriken yo ak manm lòt minorite yo. Madam Love pale konsa nan premye deklarasyon li fè depi li te pèdi eleksyon 6 novanm pase a pandan li t al dèyè yon 3è manda nan Lachanm nan. An fèt, Mia Love te pèdi devan kandida demokrat la, Ben McAdams, ki ranpòte eleksyon an avèk yon ti maj tou mens. Sikonskripsyon ki te an diskisyon an se yon distri elektoral ki anba lavil Salt Lake City, nan Eta Utha.

AP raple pi bonè nan mwa novanm nan, pandan Prezidan Trump t ap bay yon konferans pou laprès, li te deklare se Madam Love ki pèdi eleksyon an anvan menm ke rezilta yo te sòti; e lidè ameriken an te mete Mia Love nan menm panye avek lòt kandida repibliken ki te gen pwoblèm nan kous elektoral la e ki pa t anbrase politik administrasyon Trump la totalman pandan kanpay la. Prezidan an te deklare:

<<Mia Love pa t ban mwen love; li pa t ban mwen okenn konsiderasyon; epi, apa li pèdi tou. >>

Mia Love. (Foto Achiv).
Mia Love. (Foto Achiv).

Nan jounen lendi a, pandan Madam Love t ap pale avèk laprès, li di deklarasyon Prezidan an fè a montre yon gwo neglijans bò kote Pati Repibliken an ki pa manifeste ase apresyasyon pou manm minorite yo, e sa ki vin ranfòse plis atachman minorite yo pou Pati Demokrat la. Mia Love deklare:

<<Pa le fèt ke Repibliken yo pa janm aksepte resevwa kominote minoritè yo lakay yo ni nan kè yo, minorite yo pito mache ak Demokrat yo e ak biwokrat yo nan Washington; paske Demokrat yo ak biwokrat yo resevwa yo lakay yo; antou ka, yo fè minorite yo santi kòmsi yo te lakay yo. >>

Madam Love pèdi eleksyon an nan moman Black Causus la nan Chanm Depite a (Depite nwa yo) genyen pi gwo kantite manm jiskaprezan nan tout istwa Kongrè a e, globalman, Pouvwa Lejislatif la Ozetazini vin divèsifye anpil-anpil aprè eleksyon mi-manda yo fin ajoute yon kantite rekò fanm avèk moun nwa nan Kapitòl la.

Nan konferans pou laprès lendi a, Mia Love te lanse yon ti toya byen pike tou sou advèsè l la, Ben McAdams. Li di misye se “yon lou ki mete rad mouton sou li” e li denonse le fèt ke McAdams te kritike li avèk mechanste pandan yon kanpay elektoral kote yo chak te livre yon batay trè di.

XS
SM
MD
LG