WASHINGTON, DC —
Jounen 22 novanm 2018 la se 4èm Jedi nan mwa novanm nan. Se yon jou, daprè la tradisyon, Ameriken yo mete sou kote pou yo di Gran Mèt la mèsi pou byenfè Li fè yo-menm, fanmi yo ak zanmi yo pandan 12 mwa ki pase yo. Se sa yo rele <Thanksgiving Day”, sa vle di “Jou Aksyon de Gras” oubyen "Jounen Remèsiman"... Pèp ameriken an selebre li atravè tout peyi a, nan eta asosye ak tèritwa ameriken tou patou sou latè, san bliye anbasad yo ki se yon pwolongasyon Lèzetazini aletranje.
Avèk Thanksgiving Day a ameriken yo raple yon jounen, nan lane 1621, kote kèk nan pèlren ki te fòme premye koloni yo te selebre premye rekòt agrikòl reyisi yo nan vil Plymouth, nan rejyon ki rele Eta Massachusetts jounen jodi a. Nan okazyon selebrasyon sa a, yo te tire kout fizi ak kout-kanno anlè; popilasyon amerendyen ki t ap viv nan zòn nan te deplase pou yo t al gade sa k t ap pase. Se konsa yo te resevwa envitasyon pou yo te chita manje avèk pèlren yo ki te reyini arebò yon tab ranpli ak tout kalte pwovizyon (frui, lòt pwodui late, vyann –sitou vyann kodenn mawon) pou yo te selebre yon bèl rekòt ki te vini aprè plizyè move rekòt. An tou ka, se konsa istoryen Ramona Peters rakonte evennman sa a; e selebrasyon souvni jounen sa a ta pral rete nan istwa Lèzetazini jiskaske Thanksgiving Day ou Jou Aksyon de Gras la tounen youn nan jou konje nasyonal ki pi popilè nan peyi a.
Lèzetazini se pa sèl peyi ki selebre Jou Aksyon de Gras sa a. Nou jwenn li tou nan peyi tankou Kanada, Lil Lagrenad, Liberya, Japon avèk Lalmay. O Kanada dat la se pa 4èm jedi nan mwa novanm nan; men pito 2èm lendi nan mwa doktòb la.
Ane sa a, kòm chak prezidan ameriken te fè sa nan le pase, Danald Trump fè yon jès pèsonèl pou l prezante omaj li bay fòszame peyi a pou kontribisyon yo nan pwoteksyon libète sitwayen yo genyen pou yo selebre gwo fèt tradisyonel sa a san pwoblèm. Pou sa, lidè ameriken an te fè deplasman nan yon baz Gad Kòt Lèzetazini ki nan Eta Florid kote li felisite pèsonèlman maren yo, kòmandan yo ak manm tout branch nan fòszame peyi a pou travay yo fè pou yo kenbe Lèzetazini lib epi defann prensip demokratik ki sèvi kòm fondasyon nasyon an.
Nan okazyon Thanksgiving Day 2018 la, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la swete tout zanmi li yo (oditè, telespektatè, entènot, elatriye) yon bon jounen Aksyon de Gras.