Accessibility links

Breaking News

Ayiti : La polis prezante yon Bilan Jeneral sou Manifestasyon Dimanch 18 Novanm pase a


La polis Nan Peyi Dayiti. REUTERS/ Andres Martinez
La polis Nan Peyi Dayiti. REUTERS/ Andres Martinez

Dapre rapò lapolis bay apre jounen manifestasyon dimanch 18 Novanm nan, gen 6 moun ki mouri, 5 blese ak yon 20tèn arestasyon. Chif sa a kontrè ak anons opozisyon fè pou l di gen 11 moun mouri pou pipiti, 45 blese ak 75 arestasyon.

Reprezantan 3 pouvwa yo ann Ayiti chita pale ansanm pou diskite kriz sosyo-politik la. Pami objektif rankont sa a ki dewoule lendi 19 novanm nan se jwen yon solisyon ak kriz la k ap sakaje peyi a depi plizyè mwa. Rankont sa a dewoule nan moman opozisyon an te fikse 18 Novanm kòm delè pou prezidan Jovenel Moise remèt pouvwa a. Nan fen chita-pale a, pati konsène yo tonbe dakò sou nesesite pou pouvwa egzekitif kontinye fè dyalòg ak diferan sektè nan sosyete a, rezoud pwoblèm ki gen pou wè ensekirite epi ogmante pwogram pou soulaje soufrans popilasyon an.


Poko gen aktivite nan lari Pòtoprens madi 20 Novanm nan okazyon 2èm jounen grèv opozisyon an ak sektè sendikal la. Jounalis k ap siyone kapital di pa gen mwayen transpò an komen men te obsève plizyè patwouy polisye. Gen barikad drese nan plizyè kwen nan kapital la. Aktivite yo kòmanse reprann timidman nan Petionvil.

XS
SM
MD
LG