Etazini anonse li pran sanksyon kont 17 sitwayen sawoudyen pou swadizan wòl yo ta jwe nan lanmò jounalis Washington Post Jamal Khashoggi andedan konsila Arabi Sawoudit nan vil Istanboul, an Tiki nan komansman mwa oktòb pase a. Pami moun Washington sible pou sanksyon yo, genyen Saud Al-Qahtani, yon ansyen èd-de-kan wo-plase prens eritye Mohammed Bin Salman ansanm ak konsil jeneral sawoudyen nan Tiki a Mohammed Alotabi.
Antretan, Minis trezò ameriken Steve Manuchin publiye yon komunike jedi 15 novanm nan pou di "Endividi sa yo ki te sible e asasinen britalman Jamal Khashoggi ki te yon rezidan pèmanan Ozetazini, enben, yo dwe peye konsekans pou aksyon yo poze a".