Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Anbasadè Etazini Nan Peyi a fè chita Pale ak Prezidan 2 chanm Palman an sou Elesyon Ane 2019 la


Anbasadè Etazini Ann Ayiti, Michele Sison
Anbasadè Etazini Ann Ayiti, Michele Sison

Anbasadè ameriken ann Ayiti Michele Sison patisipe nan yon chita pale ak prezidan sena a Joseph Lambert e prezidan Chanm Depite a, Gary Bodeau. Diplomat la te diskite ak palmantè yo sou kesyon ki gen rapò ak ranfòsman enstitisyon yo epi evalye pwoblèm sekirite nan peyi a anvan dewoulman eleksyon yo nan ane 2019.

Patizan pouvwa PHTKa pale pou di eleksyon se sèl mwayen pou moun pran pouvwa nan peyi a. Reyaksyon sa a tonbe nan moman opozisyon an fikse dat 18 Novanm nan, jou komemorasyon Batay Vètyè a, kòm delè pou prezidan Jovenel Moise genyen pou l renmèt pouvwa a nan peyi Dayiti. Opozisyon ap pare pou mete sou pye yon kokenn manifestasyon dimanch 18 Novanm kap vini an pou fòse demisyon prezidan an, e sizoka sa pa ta fèt jan yo swete a,yap pase nan yon lòt etap. Bò kote pa l , la polis anonse li pran tout dispozisyon nesesè pou garanti sekirite vi ak byen popilasyon an nan respè lalwa.

XS
SM
MD
LG