Chak gren kwa ak etwal David an marb sa yo make lavi yon sòlda ameriken; se te gran gèrye yo te ye e ki te bay tout sa yo kapab pou fanmi, ak libète nan mitan lapli, lanèj ak lagrèl mete labou, gaz anpwazonnen, bal ak kout mòtye. Yo te kenbe konpa nan demach pou pote laviktwa.Se deklarasyon Prezidan Trump fè nan seremoni pou onore sòlda ameriken ki sakrife vi yo pou libète nan lemond pandan premye gè mondyal la.
Nan kòmansman jounen dimanch 11 novanm 2018 la, Prezidan fransè Emmanuel Macron te dirije yon pwosesyon diyitè bò Arc de Triomphe la a Pari pou rann omaj bay plizyè milyon sòlda ki te sakrifye vi yo nan konfli mondyal la, sa gen 100 tan.
Rankont tèt-tèt ant Prezidan Macron ak Prezidan Trump la te kòmanse sou yon nòt mwen kòdyal pase sak te fèt nan lòt okazyon, sitou apre deklarasyon lidè fransè a te fin fè pou di kontinan ewopeyen an bezwen pwòp lame pa l, yon fason pou pwoteje tèt li kont Lachinn, Larisi, e menm Etazini.
Prezidan Trump konsidere deklarasyon sa a kòm yon ensilt alòske Prezidan ris la, Vladimir Putin, pa ni cho ni frèt.
Lidè Ris la di, "Mwen panse pwosesus sa a, se globalman yon demach pozitif pou sak konsène nati yon mond ak plizyè pol. Nan sans sa a, nou genyen menm pozisyon ak Lafrans."
Deklarasyon Prezidan Trump finalman fè nan okazyon 100èm anivèsè fen premyè gè mondyal la, se yon deklarasyon ki entèvni nan mitan yon seri kritik li te resevwa deske li te anile yon vizit samdi pase nan yon lòt simityè ameriken an Frans akoz lapli.
Prezidan Donald Trump mete fen nan yon vizit li tap fè an Frans yè dimanch-la, kote anviwon 70 lidè mondyal te reyuni pou onore memwa sòlda ki te mouri nan premyè gè mondyal-la, sa gen 100 tan . Yè dimanch-la tou, lidè ameriken-an te te vizite yon simityè nan rejyon lwès vil Paris pou rann omay bay sòlda ameriken ki te pèdi lavi yo gè sa-a.