Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Manifestasyon nan Vil Okap pou Egzije Demisyon Prezidan Jovenel Moise


Ansyen Senatè Moise Jean Charles. REUTERS/Andres Martinez
Ansyen Senatè Moise Jean Charles. REUTERS/Andres Martinez

Pati Politik Pitit Dessalines òganize yon manifestasyon popilè pandan wikenn pase a nan vil Kapayisyen pou egzije demisyon Prezidan Jovenel Moise. Manifestan yo te fè yon virewon nan vil la ak ansyen drapo nwa e wouj nan men yo --- yon drapo Ayiti te ranplase an 1986 apre dechoukaj rejim Duvalier a sou pouvwa a. Yon group manifestan te ale sou plas Vètyè a pou monte drapo nwa e wouj la nan plas sak ble e wouj la.

Dapre nouvèl yo, fòs de lòd yo te retounen drapo ble e wouj la nan plas li. Manifestasyon sa a fè pati yon seri leve kanpe opozisyon an deside met sou pye atravè peyi a. Opozisyon ap planifye yon nouvo manifestasyon pou dat 18 Novanm k ap vini la a, ki se komemorasyon batay vètyè a--yon batay ki ta pral debouche sou endepandans peyi a an Janvye 1804.

Yon group nan opozisyon an mande jistifikasyon sou fason gouvènman pase yo te depanse 3 milya 800 milyon dola fon petro-karibe a alòske yon lòt group limenm ap mande demisyon Prezidan Jovenel Moise.

XS
SM
MD
LG