Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik - Rezilta Vòt Mi-Manda yo Poko Definitif pou plis ke 12 Kous Elektoral

Lokal Kongrè ameriken an nan Washinton, D.C., kote anpil plas (Depite ak Senatè) te anje nan eleksyon mi-manda 6 novanm 2018 la.

Otorite ki te responsab òganiazsyon eleksyon yo Ozetazini kontinye konte vòt yo toujou pou plis pase yon douzèn kous elektoral kote rezilta yo twò sere pou yo konnen ki kandida ki ranpòte laviktwa 3 jou aprè dewoulman eleksyon pou plas senatè, depite, gouvènè, majistra kominal avèk lòt otorite lokal.
Youn nan rezilta yon sitiyasyon konsa se anpeche moun konnen kijan konpozisyon Chanm Reprezantan an pral ye pou 2 pwochen ane yo. Kantapou Sena a, jiskaprezan otorite yo poko ka di kilès ki ranpòte laviktwa pou Eta Arizona ak Florid.
Pou Arizona, kandida demokrat la, Kyrstin Sinema, pran yon avans tou mens sou rival repibliken li a, Madam Martha McSally, ki se yon reprezantan eta a nan Chanm Depite a.
Kantapou Florid, kous pou Sena a te mete fas a fas gouvèvè Rick Scott, yon repibliken, avèk senatè sòtan an, Demokrat Bill Nelson. Kounyela a rezilta yo montre Misye Scott gen yon avans 22 mil vwa sou Misye Nelson ki mande otorite yo rekonte vwa yo.
Depite Mia Love, yon kandida repibliken ki gen orijin ayisyèn. Li reprezante Eta Utah pandan 2 manda nan Chanm Bas la e li te ale dèyè yon lot manda. An fas li te genyen kandida demokrat la, Ben McAdams, majistra kominal vil Salt Lake City a. (Foto: Achiv). Jiska vandredi maten -9 novanm 2018- rezilta yo potko definitif.

Nan Chanm Depite a, 12 plas ki te nan men Repibliken yo rete toujou an balan; konsa Demokrat yo kapab pase men pran kèk nan yo lè responsab yo va fin konte vwa yo epi yo ka ajoute kèk pòs sou 30 syèj yo deja wete nan men pati rival la pou yo repran kontwòl Lachanm nan pou la premyè fwa nan 8 ane. Nouvo klas Depite yo pral antre an fonksyon an janvye 2019.

An plis de sa, anyen poko deside nan Eta Jòji nan eleksyon pou plas gouvènè a, menmsi kandida repibliken an, Brian Kemp, deja kriye viktwa. Rival demokrat li a, Stacey Abrams, deja mete sou pye yon ekip legal pou konteste rezilta eleksyon yo, sa ki kite pòt la ouvè pou eleksyon an refèt. Madam Abrams -k ap eseye tounen premye fanm nwa ki okipe yon pòs gouvènè Ozetazini- leve lavwa pou l di gen plizyè milye vòt ki poko konte, sitou vòt elektè ki te vote an absans, pa lapòs oubyen yon fason pwovizwa. Daprè analios yo, lè yo va fin konte tout vwa yo, rezilta a kapab redui avans 63 mil vwa Kemp genyen sou Abrams nan -sa ka fè avans la desann nan yon nivo ki pi ba ke 50%; nan ka sa a otomatikman yon nouvo eleksyon pral obligatwa. Nan fen jounen jedi 8 novanm nan, rezilta yop te bay Kemp 50.3% vwa yo, tandiske Abrams te genyen 48.7%, epi rès vwa yo te ale jwenn kandida yon 3èm ti pati.
Kandida k ap selebre viktwa yo nan eleksyonm i-manda 6 novanm 2018 la.

Anfen, Brian Kemp anonse li bay demisyon li kòm Sekretè Deja Jòji, yon pòs ki te ba li dwa pou l sipèvize eleksyon yo (san bliye pwòp eleksyon pa l la), dekwa pou l konsakre tout efò li sou tranzisyon kote li pral okipe plas gouvènè yon Eta nan pati sid peyi a.
XS
SM
MD
LG