Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Bat Bravo pou "Yon Gwo Viktwa" nan Eleksyon Mi-Manda 6 Novanm nan

PrezidanTrump nan yon konferans pou laprès nan La Mezon Blanch mèkredi 7 novanm 2018 la. (Foto:(AP/Evan Vucci)
PrezidanTrump nan yon konferans pou laprès nan La Mezon Blanch mèkredi 7 novanm 2018 la. (Foto:(AP/Evan Vucci)

Ozetazini, Prezidan Donald Trump bat bravo pou sa li konsidere kòm "yon gwo kokenn vikktwa" pati politik li a -Pati Repiblken an- ranpòte nan eleksyon mi-manda ki dewoule madi 6 novanm 2018 la. Misye Trump atire atansyon sou le fèt ke pati a ranfòse prezans li nan Sena a menmsi Demokrat yo repran kontwòl la nan Chanm Bas la pou la premyè fwa nan 8 tan.

Nan yon konferans pou laprès lidè ameriken an bay mwens ke 24 trè aprè biwodvòt yo te fèmen, li pale ak jounalis yo sou jan li menm, li evalye rezilta yo.

Pandan Prezidan Donald Trump te lonje dwèt li sou yon repòtè CNN, Jim Acosta, yon fonksyonè nan La Mezon Blanch rale mikwo nan men jounalis la nan konferans pou laprès ki fèt nan Salon-Es la mèkredi 7 novanm 2018 la nan Washington.

Dapre sa prezidan an di, Repibliken yo "rive defye listwa" lè yo ranpòte plizyè plas nan Sena a ki te nan men palmantè demokrat nan premye eleksyon mi-manda ki dewoule depi li te genyen prezidasyèl 2016 yo. Li deklare:

"Listwa pral rekonèt koken chenn travay nou te fè pou n te ankouraje pèp la sòti al vote pandan jounen elektoral la."

Misye Trump ensiste sou le fèt ke li te mennen kapay pou 11 kandida nan jou ki te vini anvan dat eleksyon an e 9 nan yo ranpòte laviktwa.

XS
SM
MD
LG