Isit Ozetazuni, ekilib pouvwa-a subi yon chanjman nan eleksyon mi-manda ki dewoule yè madi-a, kote opozisyon demokrat-la repran kontwòl chanm depute-ae sa reprezante yon kou du pou kan republiken ansanm ak prezidan Donald Trump limenm. Sepandan, pati republiken-an ogmante majorite li te genyen nan sena-a, yon bagay ki bay lokatè mezon blanch la yon bèl bourad epi prepare chemen an pou yon politik konfwontasyon nan ane kap vinn la a.
Lidè minorite demokrat la nan kongrè a, Nancy Pelosi, pwoklame yon jou tou nèf nan Washington, yon deklarasyon li te fè nan katye jeneral pati a nan kapital amerikèn nan.
" Nou pral gen responsablite pou jwenn yon teren dantant nenpòt kilè sa ta posib, e kanpe djanm sou prensip nou lè nou pa an mezu pou fè sa. Men, nou pral eseye. Yon kongrè demokratik pral goumen pou jwen solusyon , yon fason pou nopu ka uni, paske , nou tout pa kapa ankò ak kesyon divizyon-an."
Kounye-a , depite eta kalifòni a sou wout pou'l pran kòn-nan kòm prezidan chanm bass la gras ak Jennifer Wexton ki ranpòte syèj yon depite repibliken tap okipe an Virjini.
Sepandan, pati republiken an agrandi kapasite de frap li nan sena a akoz defèt kèk senatè demokrat nan eleksyon mi-manda yo nan eta Missouri, Dakota Dinò e sitou nan eta Indiana , kote kandida republiken Mike Braun leve mayòl la.
" Senatè elu Mike Braun di la-a : Nou se konsèvatè kap opere sou lobedyans prezidan Trump, nou dwe pwouve poukisa fason-d-panse nou-an, se limenm kap mache byen pou rya Indiana, e sa pral byen mache tou pou tout Etazuni nèt. Mwe sèten ke'm kapab kanpe fèm dèyè deklarasyon sa-a."
Kounye a , kesyon moun ap poze, se eske demokrat yo pral kapab travay ak prezidan Trump, nan moman yap pare pou eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan 2 zan ankò nan peyi a?