Nan moman rete 3 jou sèlman pou eleksyon mi-manda yo dewoule Ozetazini, Prezidan Donald Trump ap mennen yon kanpay san pran souf pou li apiye kandida pati li a, Pati Repibliken an.
Vrèmanvre, alòske pa rete lontan pou dewoulman eleksyon pou manm kongrè a, pou plas gouvènè, majistra ak lòt otorite lokal, kandida Pati Repiblliken yo jwenn yon koutpous, yon bourad ki sòti bò kote premye sitwayen nasyon an, Prezidan Donald Trump li-menm. La verite sè ke, menmsi non Prezidan Trump pa sou bulten vòt yo, tankou Prezidan Komite Santral Pati Repibliken an, Matt Schlapp di sa a, lidè ameriken an reprezante yon bon jan van ap soufle pou l pouse elektè yo al nan biwo-d-vòt yo nan jou eleksyon an, swa madi 6 novanm 2018 la. Misye Schlapp deklare :
<< Eleksyon ki pral dewoule la a reprezante pa plis, pa mwens ke yon referandum sou prezidan an, paske li tèlman prezan sou sèn politik la. Sepandan, menmsi li domine tout sèk politik yo, li pa pral sèvi kòm yon fòs an favè chak kandida; men, a la fen dè fen, lè jou eleksyon an va rive nan bout li, chak elektè pral di: “mwen itilize bilten-d-vòt mwen an pou m di sa m panse de Prezidan Donald Trump.">>
Espesyalis k ap swiv evolisyon kanpay elektoral la fè konnen pi bèl espwa Prezidan Trump se pou l ta ede Repibliken yo kenbe majorite yo genyen nan Sena a. Sepandan, si yo baze yo sou analiz ki fèt sou dènye sondaj dopinyon yo, yo di sanble Demokrat yo byen plase pou yo repran majorite a nan Chanm Reprezantan an Madi 6 Novanm nan.
Rezilta eleksyon mi-manda ane sa a va montre, ant Prezidan Donald Trump (ki pa sispann mennen kanpay pou Pati Repibliken an) ak ansyen Prezidan Barack Obama (k ap mennen yon kanpay san pran souf pou kandida demokrat yo), kiyès nan 2 a ki genyen plis moun dèyè l.