Accessibility links

Breaking News

Ozetazini, Depi New York rive San Fransisko, Anplwaye Konpayi Google Pran Lari

Anplwaye Google ki te rasanble sou Plas Harry Bridges la nan San Francisco, pou yo te pwoteste nan jounen jedi premye novanm 2018 la... Yo t ap denonse sa yo konsidere kòm move mannyè responsab yo jere nuizans seksyèl nan konpayi an.

Nan vil San Francisco, isit Ozetazini, anplwaye konpayi wòt teknoloji Google pote-kole, jedi premye novanm nan, avèk lòt anplwaye konpayi an genyen toupatou atravè lemond pou yo pwoteste kont sa yo konsidere kòm "move fason Google jere konpòtman seksyèl moun ki sou tèt yo nan konpayi an."

Oganizatè pwotestasyon sa a te pran tòt yon gwoup anplwaye ki t ap chante slogan epi rakonte ensidan moun te anrejistre an kachèt pou montre kijan Google pa t konpòte l byen lè li te gen pou l trete zafè direktè jeneral oubyen lòt gwo dirijnan ki komèt nuisans seksyèl kont anplwaye yo, sètadi yo fè yon jan pou fose anplwaye yo antre nan relasyon seksyèl avèk yo.

PDG Google la pibliye yon deklarasyon kote li di li apiye demach anplwaye yo ki, dapre li, "ofti anpil ide pozitif sou mwayen nou kapab amelyore pratik nou yo ak fason nou opere pandan n ap avanse."

Anplwaye Google nan New York ki t ap pwoteste nan jounen jedi premye novanm 2018 la.
Anplwaye Google nan New York ki t ap pwoteste nan jounen jedi premye novanm 2018 la.

Anplwaye Google ki pwoteste nan San Francisco yo fè konnen yo te sòti kite lye travay yo pou yo kapab atire atansyon lidè konpayi an sou move sitiyasyon y ap denonse; e puiske yo fin fè sa yo te vle fè a, yo espere responsab yo pral pote chanjman ki nesesè yo.

XS
SM
MD
LG