Accessibility links

Breaking News

Etazini : Raben yon Sinagòg Nan Pittsburg, pa vle Prezidan Donald Trump vini nan Vil la si l Pa Denonse Nasynalis Blan


Prezidan Donald ZZTrump ansanm ak yon Raben Jwif Samdi Pase.AP/Andrew Harnik .
Prezidan Donald ZZTrump ansanm ak yon Raben Jwif Samdi Pase.AP/Andrew Harnik .

Prezidan Donald Trump ak premyè dam Etazini Melania pral vwayaje nan direksyon vil Pittsburg, eta Pensilvani, madi 30 oktòb , yon fason pou rann omaj bay fanmi 11 manm kongregasyon jwif ki pèdi lavi yo nan yon sinagòg vil sa a nan wikèn pase a. Sepandan, lidè jwif yo mande pou mesye Trump pa prezante li nan zòn nan toutotan li pa denonse nasyonalis blan yo nan peyi a. Raben Sinagòg Tree of Light-la, Jeffrey Myers, di lendi 29 oktòb la, se lidè Etazini a kap pouse dife pou moun poze zak lahèn sou teritwa ameriken an.

" Lè ou itilize langaj ki baze sou lahèn antanke lidè yon peyi-a, ou bay tout moun pèmisyon pou di, se nòmal pou nou pale konsa, pou trete moun konsa, e repons pam, se non, se pa sa li ye."

Bò kote pa'l, majistra vil Pittsburg la, Bill Peduto, mande lamezon blanch pou prezidan prezidan Trump tann yo finn chante funeray viktim yo anvan pou'l ta vizite Pittsburg. Men gen kèk lòt lidè jwif ki ensiste pou di nan yon lèt tou louvri mesye Trump pa ta dwe parèt nan zòn-nan si l pa kondane nasyonalis blan yo Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG