Plis pase 45 anplwaye Ajans Nasyon Zini pou Refijye a rive nan vil Tapachulas, nan Eta Chiapas o Meksik, e gen lòt toujou ki nan wout. Premye travay ekip la se chache estabilize sitiyasyon tèt-anba ki egziste nan rejyon an kote plis pase 7000 moun, ki fè pati karavàn migran an, pran direksyon Lèzetazini.
Daprè yon deklarasyon ajans la pibliye, sanble sitiyasyon an vin pi kalm sou teren an kote ta genyen plis lòd ke nan jou ki pase yo. Sepandan pòtpawòl ajans la, Adrian Edwards, fè konnen sitiyasyon an kapab chanje. Misye Edwards di:
“Sa ki plis ban nou kè-sote pou le moman se jan sitiyasyon imanitè a ap devlope nan mitan gwoup la kote nou ta renmen wè moun yo jwenn manje, dlo, swen sante epi satisfè lòt bezwen yo. Apa de sa, kidnaping ak ensekirite se yon risk ki poze nan kèk zòn kote karavàn nan kapab pran chans ale. Alòs li ijan pou nou estabilize sitiyasyon an.”
Yon lòt travay ekip Ajans Nasyon Zini pou Refijye a pral fè, se enskri moun ki ta vle aplike pou azil yo, idantifye sila yo ki vilnerab paske yo gen bezwen espesyal, yon fason pou pwosesis la kapab byen pase.
Daprè Adrian Edwards toujou, jiskaprezan gen 1000 (mil) moun ki mande azil o Meksik. Sepandan li ajoute, “San di pètèt gen plizyè milye lòt ki dispoze kontinye wout la nan direksyon Lèzetazini e anpil nan yo ka mande azil si yo rive sou tèritwa ameriken an.”
Daprè dwa entènasyonal, si yon moun ap kouri pou pèsekisyon ak vyolans, otorite peyi kote li mande azil la dwe kite li antre epi respekte dwa li genyen pou l aplike pou azil. Yon lòt travay ekip Ajans l’ONU pou Refijye ki ale o Meksik la, se garanti ke pèsonn pa vyole dwa migran yo.