Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon: Yon Jij Federal Mande pou Pwogram TPS la Kontinye


Imigran k ap mande otorite imigrasyon yo kite pwogram TPS la an plas
Imigran k ap mande otorite imigrasyon yo kite pwogram TPS la an plas

Ozetazini, yon jij federal bloke tout aksyon administrasyon Trump la te vle pran pou l mete fen nan yon pwogrm ki pwoteje yon gwoup imigran k ap viv ilegalman nan peyi a kont depòtasyon. Pwogam nan fasilite anviwon 300 mil imigran ki sòti nan peyi sa yo: Ayiti, Soudan, Nikaragwa avèk Salvadò; imigran sa yo gen pèmisyon pou yo viv, etidye e travay Ozetazini.

Nan jounen mèkredi 3 oktòb 2018 la Jij Edward Chen -k ap dirije Tribinal Siperyè Distri Nò Eta Kalifoni an- pase yon lòd kote li di si pwogram Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pa ta egziste, benfisyè yo ak tout pitit yo pral sibi soufrans ak tout lòt kalte pwoblèm san di pètèt.

Daprè sa jij la di nan lòd la, gouvènman an gen obligasyon pou l pran aksyon pou l pwoteje TPS la jan li ye jounen jodi a, pou l kite pwogram nan an plas tèl kèl jiskaske tribinal la va di yon mo final sou tout pwosè pati konsène yo lanse kont desizyon gouvènman an pou l mete fen nan TPS la pou 4 peyi an kesyon yo.

Depatman Sekirite Enteryè se ajans federal ki sou tèt Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon.
Depatman Sekirite Enteryè se ajans federal ki sou tèt Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon.

Jij Chen ekri pou l di, alòske benefisyè TPS yo ta sibi anpil tray si plan pou elimine pwogram nan antre an aplikasyon, gouvènman an "pa rive pwouve ki pwoblèm ki ta genyen si pwogram nan rete an plas" pandan pwosede legal yo ap kontinye. Jij la ajoute moun k ap defann benefisyè TPS yo ak lòt sektè ki gen enterè nan afè a rive "demontre san diskisyon, yo menm, ekonomi lokal la ak enonomi nasyonal la ta sibi move konsekans seryezman si otorite yo ta derasinen epi depòte plizyè santèn milye benefisyè TPS."

Nan reyaksyon Depatman Jistis ameriken pibliye byen ta nan jounen mèkredi 3 oktob la, li kritike lòd dirèk jij la pase a; nan kritik sa a, otorite yo di jan tribinal Kalifòni an aji a, li komèt “yon izipasyon pouvwa”, paske li monte sou yon teren ki reprezante jiridiksyon pouvwa egzekitif la, e pouvwa egzekitif la sèlman.

Ayisyen ak pitit yo ki t ap manifeste kont plan otorite ameriken yo genyen pou yo elimine TPS la
Ayisyen ak pitit yo ki t ap manifeste kont plan otorite ameriken yo genyen pou yo elimine TPS la

Otorite Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an –ki sou tèt Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon- te deklare Ayiti kalifye pou TPS aprè tranblemanntè 12 Janvye 2010 la ki te devaste peyi a. Nan mwa novanm 2017 la,administrasyon Trump la te fè konnen kondisyon ki te lakoz ayisyen yo pa t ka rete nan peyi yo pou rezon sekirite pa egziste ankò; konsa otorite yo deside mete yon pwen final nan pwogram TPS la pou yon afè de 59 mil ayisyen, desizyon ki ta pral antre an aplikasyon nan mwa jiyè 2019

XS
SM
MD
LG