Accessibility links

Breaking News

Justice USA: Yon Komisyon nan Sena a Deside Kite FBI Mennen Ankèt sou Afè Kavanaugh/Blasey-Ford la.


Doktè Christine Blasey Ford (adwat) ki akize Jij Brett Cavanaugh (agoch) deske li te fè yon atak sexyèl sou li pandan yo tou lè 2 te nan yon fèt sa gen 36 ans.
PHOTO AFP/ Saul LOEB.
Doktè Christine Blasey Ford (adwat) ki akize Jij Brett Cavanaugh (agoch) deske li te fè yon atak sexyèl sou li pandan yo tou lè 2 te nan yon fèt sa gen 36 ans. PHOTO AFP/ Saul LOEB.

Ozetazini, manm Komisyon Afè Jiridik Sena a vote pou yo avanse avèk deba sou nominasyon Jij Brett Kavanaugh pou yon plas nan Kou Siprèm nan, pi gwo tribinal peyi a. Sa vle di majorite manm komisyon an, ki se repibliken, deside franchi 2èm etap la, ki se soumèt dosye a devan tout sena o konplè pou yon desizyon final.

Manm komisyon an pran desisyon sa a menmsi gen yon antant ant Repibliken ak Demokrat pou yo kite FBI mennen ankèt pandan yon semèn sou akizasyon k ap peze sou do misye Kavanaugh deske li te komèt abi seksyèl. Nan jounen jedi 27 septanm nan, akizatris la, Doktè Christine Blasley Ford, avèk akize a, Jij Kavanaugh, te prezante devan komisyon an youn apre lot pou yo fè depizisyson sou afè a.

Yon apèsi sou komisyon afè jiridik Sena a ki t ap fè deba sou merit Jij Brett Kavanaugh pou l okipe yon plas nan Kou Siprèm nan. Deba yo dewoule jedi 28 septanm 2018 la, sou Kolin Kapitòl la nan Washington.
Yon apèsi sou komisyon afè jiridik Sena a ki t ap fè deba sou merit Jij Brett Kavanaugh pou l okipe yon plas nan Kou Siprèm nan. Deba yo dewoule jedi 28 septanm 2018 la, sou Kolin Kapitòl la nan Washington.

Sanble chans pou Jij Kavanaug jwenn plas la nan Kou Siprèm nan ogmante apre Senatè Jeff Flake -sèl manm komisiyon an ki konn vote yon lè pou yon pati, yon lòt lè pou lòt pati a- te deklare vandredi 28 septanm nan li pral vote "WI" anfavè kandida a. Senatè Flake fè deklarasyon sa a apre li te pase tout jounen jedi a ap di li te toujou ap balanse; li pa t konnen nan ki sans li ta pral vote.

XS
SM
MD
LG