Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sante: Maladi Kolera Ap Fè Dega nan Komin Kòniyon/Granbwa


Moun ki te trape maladi kolera a ann Ayiti e ki t al swiv tretman nan Lopital Medsen san Fwontyè nan Pòtoprens. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Moun ki te trape maladi kolera a ann Ayiti e ki t al swiv tretman nan Lopital Medsen san Fwontyè nan Pòtoprens. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Daprè yon rapò ki sòti nan GARR (Gwoup Asistans pou Rapatriye ak Refijye) e ki parèt sou jounal an liyn Le National, nimewo vandredi 21 ak lendi 24 septanm 2018 la, maladi kolera kontinye vale teren nan kominn Kòniyn-Granbwa, nan Depatman Lwès peyi d Ayiti. Egzanp: nan kòmansman 2èm pati mwa septanm 2018 a (ant 14 ak 19 septanm), 4 moun pèdi lavi yo tandiske 175 lòt trape viris ki bay maladi a nan Boukan Bwapen, 2èm seksyon komin nan.

Daprè detay Vanessa Michaelle Florial, animatris GARR bay laprès, 4 moun ki mouri yo se 2 gason,yon fanm ak yon tigason; yo tout se moun lokalite Polit avèk Sous Feliks. Moun ki te lakay malad yo te deplase pandan 3 zèdtan pou transpòte yo sou sivyè pou rive avèk yo nan Sant Sante Sen Vensan de Pò; men, elas! yo pa rive sove.

Pami moun ki trape viris kolera a genyen 48 gason, 42 fi, 43 tigason ak 42 tifi. Se moun Lyann Doko, Gwo DO, Mawouj, Pa, Fig, Matiren avek Jenipaye. Pi fò nan yo te kapab retounen lakay yo. Lòt yo kontinye resevwa swen nan STK (Sant Trètman Kolera) ki nan Savann Bonm epi nan sant sante Sen-Vensan Pòl la.

Otè rapò a atire atansyon sou le fèt ke lapli k ap tonbe kounye a sou Peyi d Ayiti –e tou espesyalman sou rejyon ki nan pwovens yo- vin ogmante ka enfeksyon ke Kolera bay nan peyi a. Se konsa tou GARR, ki raple epidemi an deja touye plizyè milye ayisyen, atire atansyon otorite nasyonal yo sou nesesite ijan ki genyen pou yo ouvri kèk nouvo STK (Sant Trètman Kolera) nan 2èm Seksyon Boukan Bwapen, e sitou nan lokalite Fig avèk Jenipaye.

XS
SM
MD
LG