Accessibility links

Breaking News

Edikasyon Sivik Ann Ayiti – Yon Inisyativ GREAS


Haitian Flag
Haitian Flag

GREAS vle di: Gwoup Rechèch ak Analiz Estratejik. Responsab li yo fèk lanse yon plan pou li ede gran piblik la an jeneral aprann konnen dwa li ak pwosedi ki gen rapò avèk fason pou l benefisye de travay lajistis epi konnen kijan sistèm jistis la fonksyone.

Jounal Le National ki ekri sou lansman inisyativ sa a nan nimewo jedi 20 septanm 2018 la, di responsab yo inogire mouvman an nan Otèl Le Plaza mèkredi semèn sa a e pandan 12 mwa k ap vini la yo gen entansyon travay nan komin Pòtoprens, Kwadèboukè avèk Sen Mak, daprè Wilfort Pasquet, kowòdonatè prensipal pwogram nan.

Reyalizasyon pwogram sa a ap koute ant 40 a 45 mil dola avèk yon asistans USAID (Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal). Oganizatè yo plase li nan kad yon pwojè ki rele an anglè “JusticeSectorStrengtheningProgram”, sètadi yon pwogram ki la pou kore sektè jistis la; e GREAS gen manda pou l mete pwogram sa a ann egzekisyon.

Daprè Wilfort Pasquest, inisyativ la genyen 3 volè prensipal:

1.-Pèmèt gwo piblik la konnen sa ki rele “dwa fondamantal” nan Peyi d Ayiti, sa vle di dwa yon sitwayen genyen e ke okenn moun (pa menm otorite yo) ni okenn lwa pa kapab pran nan men li;

2.- Pèmèt gwo piblik la konnen ki mach-a-suiv ki egziste pou ede yo jwenn jistis;

3.- Pèmèt piblik la byen konprann diferan chanjman ki fèt nan Kòd Penal la ak pwosede penal yo --chanjman ki gen pou sibi yon evalyasyon Sena Repiblik la anvan lontan.

Kowòdonatè prensipal GREAS la fini pa di responsab yo pral mete sou pye plizyè seyans estaj ak fòmasyon pou dirijan òganizasyon yo, lidè sosyete sivil la ak etidyan nan kad egzekisyon inisyativ sa a.

XS
SM
MD
LG