Accessibility links

Breaking News

Florans Vin Yon Siklòn Kategori 1. Men Li Poze Danje Toujou

Inondasyon Florans koze fè trafik sou anpil wout nan Kawolin di Nò ak Kawolin di Sid vin enposib.
Inondasyon Florans koze fè trafik sou anpil wout nan Kawolin di Nò ak Kawolin di Sid vin enposib.

Daprè analiz ki fèt sou fenomèn yon silòn reprezante, se pa fòs siklòn nan, men se mouvman li, se vitès deplasman li ki bay espesyalis yo ak otorite yo kèsote. Pou sa ki konsène Siklòn Florans, l ap deplase nan direksyon zòn enteryè 2 Kawolin yo ak yon vitès 9 kilomèt alè; konsa li gen anpil tan devan n pou l simen lapli sou kòt yo epi koze gwo inondasyon nan zòn ki anndan yo.

Kòlèg nou nan Sèvis Espayòl Lavwadlamerik la, Jorge Agobian, di nou si fòs Florans bese, li toujou reprezante yon menas pou zòn ki sou trajektwa li yo. Jorge ki t ap pale depi vil Wilmington, nan Kawolin di Nò, fè konnen:

"Siklòn nan touche tè a 7 tè 15 minit di maten sou kòt ès Lèzetazini. Menmsi van yo diminye, otorite yo di siklòn nan toujou gen potansyèl pou l fe dega e pou l koze gwo domaj. Nou konstate anpil dega, nou wè anpil destriksyon tankou kay ki kraze, pyebwa ki tonbe ak poto elektrik ki kase; se konsa anpil batiman pa gen limyè e se sitiyasyon sa a ki egziste nan otèl kote nou ye la."

Pyebwa tonbe sou yon machin ki te pake nan remiz yon abitan vil Wilmington, nan Kawolin di Nò, aprè Siklòn Florans te rive nan zòn nan byen bonè vandredi 14 septanm 2018 la. (Foto: Jorge Agobian ak Iacopo Luzi/Sèvis Espayòl Lavwadlamerik)

Lamarin de Gè Lèzetazini deplase bato degè, soumaren, avyon militè ak pi fò manm pèsonèl li ki te estasyone sou kòt Eta Vijini. Otorite militè yo voye sou plas, nan zòn afekte yo, gwo kamyon, machin blende ak gwo tanspòtè ki kapab fonskyone menm nan dlo pou yo patise nan operasyon ki pare pou sove lavi epi evite ou diminye kantite destriksyon posib yo.

XS
SM
MD
LG