Jodi madi 11 septanm nan, ameriken ap komemore 17èm anivèsè atak teworis 11 septanm 2001yo, ki te touye preske 3 mil moun nan New York, Virjini ak Pensilvani. Prezidan Donald Trump gen pou l asiste yon seremoni nan Shanksville, eta Pensilvani, swa tou pre kote vòl 93 United Airlines tal kraze apre pasaje yo te reprann kontwòl aparèy la anba men teworis Al-Qaeda ki te detoumen avyon an.
Nan pwoklamasyon anyèl lidè ameriken yo fè pou deklare 11 septanm yon jounen patriyotik, Prezidan Donald Trump di zak malouk sa yo pa kapab kraze lespri Etazini ni elimine nonplis tou angajman peyi a pran vizavi libète.
Prezidan an pare pou l di " nou rasanble jodi a pou fè moun sonje yon verite tan pa kapab efase ki se: Lè moun nan Etazini pote kole, pa gen okenn fòs sou latè ki kapab deparye nou, paske prensip nou pa fè yon pa, pèp nou an pike pou pi devan, nasyon nou an pran jarèt, e souvni moun ki chè pou pa janm disparèt nan panse nou,".