Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch rejte sitasyon ki nan Liv Jounalis Bob Woodward Pral Pibliye sou Administrasyon Prezidan Donald Trump-la Tankou manti Toupi


Kouvèti Liv : Laperèz, Trump nan Lamezon Blanch Jounalis Bob Woodward ekri sou Administrasyon Trump la.
Kouvèti Liv : Laperèz, Trump nan Lamezon Blanch Jounalis Bob Woodward ekri sou Administrasyon Trump la.

Prezidan Donald Trump fè konnen sitasyon ak istwa ki nan liv jounalis Washington Post Bob Woodward pral publiye sou administrasyon li an semèn pwochèn , se yon liv ki chita sou kont mal taye ki vize twonpe publik ameriken an.

Ekstrè moun ka li nan liv la, ki pote siyati jounalis ki te dechouke prezidan Richard Nixon nan lamezon blanch nan kòmansman ane 1970 yo, dekri yon branch egzekitif ki pran yon kou deta administratif e kap soufri anba yon depresyon nèveuz pandan tout 19 mwa li egziste yo. Liv sa a, ki pote titt : Laperèz: Trump nan lamezon blanch-la, gen 448 paj e yo pral publiye li nan dat 11 seprtann kap vinn la-a.

Li dekri kote èd-de-kan ap vòlè dokiman sou biwo prezidan Donald Trump, epi poze aksyon pou pase a kote entansyon kòmandan an chèf Etazini an. Liv la prezante inyorans mesye Trump-la sou gwo kesyon mondyal yo kòm yon danje pou peyi a. Anplis desa, lamezon blanch l pap fonksyone komsadwa , e ke chaje konfli entèn kap bouyi andedan an.

XS
SM
MD
LG