Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Ensandi Pete Nan Mize Nasyonal Brezil. e li Koze4 yon Pèt Enkalkilab


La Polis Minisipal Ap Fè Pos Lendi 3 Septanm devan Mize Nasyonal Brezil ki Boule nan Rio De Janeiro ki.
La Polis Minisipal Ap Fè Pos Lendi 3 Septanm devan Mize Nasyonal Brezil ki Boule nan Rio De Janeiro ki.

Gwo dife ki pete nan bibliyotèk pi ansyen nan Brezil la preske anba kontwòl kounye a, dapre deklarasyon yon pòtpawòl sapè ponpye brezilyen fè byen bonè jodi lendi a. Potpawòl Roberto Robadey di sa pral pran anviwon 2 zèdtan ankò pou etenn ensansi a. Muze-a, ki egziszte depi 200 zan, te gen ladann anviwon 20 milyonn dokiman enpòtan, e dapre prezidan Michel Temer, pèt-la, se yon pèt enkalkilab.

Nan yon komunike lidè brezilyen-an fè parèt, li di se yon jounen trajik pou Brezil, paske se 200 zan rechèch ak konesans ki pèdi ( nan dife a la a ). Bò kote pa"l, minis kilti Brezil la Sergio Sa Leitao voye yon tweet pou di : se yon pèt ireparab, kilti peyi Brezil an dèy, kilti peyi Brezil an dèy. Pandanstan, potpawòl sapè ponpye , Roberto Robadey, di nou te rive retire anpil bagay andedan an gras ak èd travayè mize a.

XS
SM
MD
LG