Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Ajan Sekirite nan Palman an Pèdi Travay li Akoz Zak Vyolans Kont yon Manm Laprès


Senatè ak Depite Ki Chita nan Palma Ayisyen an Pandan seyans Yon Komisyon Bikameral. REUTERS/Andres Martinez
Senatè ak Depite Ki Chita nan Palma Ayisyen an Pandan seyans Yon Komisyon Bikameral. REUTERS/Andres Martinez

Ajan Sekirite Ernst Lee Raphael, ki tap travay nan palman ayisyen an, revoke plis pase yon semen depi li te maltrete e kraze kamera 2 jounalis ki t ap kouvri yon ensidan nan enstitisyon an nan dat 20 out 2018. Revokasyon sa a rive kèk jou apre avoka youn nan viktim yo te depoze plent devan tribinal Premyè Enstans peyi a kont ajan sekirite a.

Vis-Minis enteryè Chilyen Rodrigo Ubila anonse gouvènman ap travay sou plan k ap pèmèt imigran ayisyen yo retounen ann Ayiti volontèman. Medya chilyen yo te rapòte semèn pase a pawòl kèk ayisyen ki desu deske yo konstate la vi pat fasil nan Chili jan yo te panse a . Ayisyen sa yo ap chache asistans finansyè bò kote otorite chilyen yo , yon fason pou yo kapab retounen ann Ayiti.

Konpayi transpò nasyonal "Diyite" anonse li mete ala dispozisyon elèv lekòl 200 otobus pou asire deplasman yo pandan ane eskolè a. Selon direktè konpayi leta a, Romuald Piard, yo pral distribye otobis nan tout depatman peyi a. Selon responsab la anviwon 600 mil ekolye ak inivèsitè pral benefisye transpò a gratis ticheri.

Direksyon Santral Polis Woutyè anonse yon seri mezi ki vize anpeche otomibil sikile nan peyi a san plak ak itilizasyon sirèn ak jirofa eksepte machin ki tonbe anba dekrè 26 Me 2006 la.

Pwochen eleksyon lejislatif ak munisipal Oktòb 2019 yo kapab koute ant 50 e 75 milyon dola, dapre deklarasyon prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a Leopold Berlanger fè nan Jounal Le Nouvelliste. Depite yo vote pwojè Bidjè rektifikatif 2017-2018 la yon mwa avan fen ane fiskal la.

XS
SM
MD
LG