Accessibility links

Breaking News

Yon Komisyon nan Chanm Depite Ayiti a Parèt ak 30 Pwopozisyin, e Kèk Ladan yo nan Avantaj Dyaspora Ayisyen an


 Yon Seyans Kap Dewoule nan Palman Peyi Dayiti.
Yon Seyans Kap Dewoule nan Palman Peyi Dayiti.

Komisyon nan chanm depite a ki t ap travay sou amandman konstitisyon 1987 la prezante 30 pwopozisyon apre plizyè konsiltasyon ak diferan sektè andedan peyi Dayiti ak nan dyaspora , e travay sa a te dire anviwon yon lane . Pami pwopozisyon sa yo, komisyon an sijere eliminasyon pòs Premye Minis la e ranplase ak yon vis prezidan, yon fason pou evite machandaj politik. Rann prezidan an responsab pou aksyon li poze pandan li sou pouvwa a kontrèman ak konstitisyon aktyèl la ki konsidere chèf leta a kòm yon minè.


Dapre rekòmandasyon komisè yo, tribinal Wot kou justis la kapab jije prezidan an pandan li an fonksyon e yon senp tribinal kapab jije l lèl retounen nan lavi sivil. Komisyon 9 manm nan ki sou lobedyans depite Petionvil la Jerry Tardieu, pwopoze pou gen yon sèl majistra kominal olye de yon katèl de 3 manm. Majistra a ap gen asistans yon asanble minisipal k ap gen reprezantan chak seksyon kominal yo.

Komisè yo pwopoze pou dyaspora a gen 6 repezantan nan palman an ak yon senatè. Ayisyen ki gen lòt nasyonalite kapab okipe yon pòs elektif eksepte pou pòs prezidan an. Pwopozisyon an prevwa pou gen dispozisyon ki pran pou ayisyen k ap viv nan dyaspora a gen dwa vote nan eleksyon yo pou chwazi reprezantan yo nan palman an e tout ayisyen egal-ego ke l ap viv nan peyi a ou byen aletranje kèlke swa nasyonalite l depi li te pran nesans ann Ayiti. Komisyon an pwopoze pou gen yon senatè pou chak depatman ak yon depite pou chak arondisman. Eli yo, k ap soti nan yon sèl eleksyon, ap gen yon manda 5 kan.

XS
SM
MD
LG